Skip to content

Anverite, Allah satisfè ak sèvitè a lè li manje yon repa epi li fè lwanj pou li pou sa, oswa lè li bwè yon bwason epi li fè lwanj pou li pou sa.

Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Anverite, Allah satisfè ak sèvitè a lè li manje yon repa epi li fè lwanj pou li pou sa, oswa lè li bwè yon bwason epi li fè lwanj pou li pou sa.»

«إِنَّ اللهَ لَيَرْضَى عَنِ الْعَبْدِ أَنْ يَأْكُلَ الْأَكْلَةَ فَيَحْمَدَهُ عَلَيْهَا، أَوْ يَشْرَبَ الشَّرْبَةَ فَيَحْمَدَهُ عَلَيْهَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) eksplike ke lè sèvitè a fè lwanj pou Senyè li a pou favè Li ak benediksyon Li yo, se pami bagay ki fè Allah satisfè; konsa, li manje yon repa epi li di: «Tout louwanj se pou Allah», epi li bwè yon bwason epi li di: «Tout louwanj se pou Allah».

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Jenewozite Allah, Toupwisan an, paske anverite Li bay pwovizyon kòm yon favè epi Li satisfè ak lwanj.

Yo jwenn satisfaksyon Allah avèk mwayen ki pi fasil la, tankou fè lwanj pou Allah aprè manje ak bwè.

Pami règ bon konpòtman (mannyè) lè wap manje ak bwè: fè lwanj pou Allah aprèw fin manje ak bwè.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2095) (2734).

Plis (10)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمصطفى الخن وغيره (1/ 164).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 215).

شرح رياض الصالحين من كلام سيد المرسلين.

لابن عثيمين (2/ 203).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين.

تطرز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص764).