Skip to content

Si Muezzin nan di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), lè sa a, youn nan nou dwe repete egzakteman menm pawòl la: "Allahu Akbar, Allahu Akbar".

Bò kote Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:

« Si Muezzin nan di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), epi youn nan nou repete: "Allahu Akbar, Allahu Akbar". Lèl di: "Ash-hadu an la ilaha illa Allah" (Mwen temwanye ke pa gen lòt dye eksepte Allah), moun nan reponn: "Ash-hadu an la ilaha illa Allah". Lèl di: "Ash-hadu anna Muhammadan Rasoul Allah" (Mwen temwanye ke Muhammad se mesaje Allah a), moun nan reponn: "Ash-hadu anna Muhammadan Rasoul Allah". Lèl di: "Hayya 'alas-salah" (Vini pou lapriyè), moun nan reponn: "La hawla wa la quwwata illa billah" (Pa gen okenn chanjman ak okenn fòs eksepte nan Allah). Lèl di: "Hayya 'alal-falah" (Vini pou siksè), moun nan reponn: "La hawla wa la quwwata illa billah". Lèl di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar" (Allah se pi gran an, Allah se pi gran an), moun nan reponn: "Allahu Akbar, Allahu Akbar". Lèl di: "La ilaha illa Allah" (Pa gen okenn dye eksepte Allah), moun nan reponn: "La ilaha illa Allah" ak senserite nan kè li, moun sa a ap antre nan Paradi a. »

«إِذَا قَالَ الْمُؤَذِّنُ: اللهُ أَكْبَرُ اللهُ أَكْبَرُ، فَقَالَ أَحَدُكُمُ: اللهُ أَكْبَرُ اللهُ أَكْبَرُ، ثُمَّ قَالَ: أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، قَالَ: أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، ثُمَّ قَالَ: أَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، قَالَ: أَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، ثُمَّ قَالَ: حَيَّ عَلَى الصَّلَاةِ، قَالَ: لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللهِ، ثُمَّ قَالَ: حَيَّ عَلَى الْفَلَاحِ، قَالَ: لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللهِ، ثُمَّ قَالَ: اللهُ أَكْبَرُ اللهُ أَكْبَرُ، قَالَ: اللهُ أَكْبَرُ اللهُ أَكْبَرُ، ثُمَّ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ مِنْ قَلْبِهِ دَخَلَ الْجَنَّةَ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Azan an se yon fason pou fè moun konnen lè lapriyè a rive, epi pawòl Azan an se pawòl ki rasanble kwayans (Fondasyon ) lafwa a. Nan Hadith sa a, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre sa ki preskri pou nou fè lè nou tande Adhan an. Se pou moun kap koute a di menm bagay ak sa Muezzin nan di. Si Muezzin nan di "Allahu Akbar", moun kap koute a di: "Allahu Akbar", konsa konsa; sof lè Muezzin nan di "Hayya 'alas-salah" ak "Hayya 'alal-falah", lè sa a moun kap koute a di: "La hawla wa la quwwata illa billah" ki vledi : « Pa gen okenn chanjman ak okenn fòs eksepte nan Allah. » Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen ke nenpòt moun ki repete ansanm ak Muezzin an avèk senserite ki soti nan kè li, li va antre nan Paradi a. Epi sans pawòl Azàn lan: "Allahu Akbar": Sa vle di ke Li menm (Allah), nan pèfeksyon Li, Li pi gran, Li pi majeste, epi Li pi gwo pase tout lòt bagay. "Mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah": sa vle di pa gen okenn lòt moun oswa bagay ki merite pou yo adorel toutbon vre apa Allah sèlman." "Mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah": sa vle di mwen rekonèt epi mwen temwaye ak lang mwen ak kè mwen, ke Muhammad se mesaje Allah, Allah ki gen tout Pouvwa ak tout Glwa a te voyel, epi li obligatwa pou obeyil." «Hayya 'ala as-Salah», sa vle di vini nan lapriyè, epi sa moun ki tande a di: «La hawla wa la quwwata illa billah» (Pa gen ni fòs ni pouvwa esepte ak Allah), sa vle di pa gen okenn mwayen pou delivre anba sa ki anpeche obeyisans, ni fòs pou akonplil, ni okenn kapasite sou anyen esepte avèk èd Allah Trèwo a. "Hayya 'alal-falah" (Vini jwen siksè a): Sa vle di, vini nan chemen ki mennen nan siksè a, epi siksè sa a se genyen Paradi a ak chape anba dife lanfè a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Merit pou reponn muezin an menm jan avèk sa lap di a, eksepte nan 2 Hay'ala yo (lèl di "Hayya 'ala as-salah" ak "Hayya 'ala al-falah"), kote moun nan dwe di: "La hawla wa la quwwata illa billah" (Pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa sof nan men Allah).

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 289) (385).

Plis (3)

إكمال المعلم (2/253).

شرح النووي على مسلم (4/88).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (9/ 116).