Skip to content

5 priyè chak jou yo, soti nan yon (priyè) Vandredi pou rive nan yon lòt, epi soti nan yon mwa Ramadan pou rive nan yon lòt, se mwayen ki efase (padone) peche ki fèt ant yo a, ak kondisyon pou moun nan evite gwo peche yo.

Daprè Abu Hurairah, ke Allah satisfè avè l, ke Mesaje Allah a, lapè ak benediksyon Allah sou li, te konn di:

5 priyè chak jou yo, soti nan yon (priyè) Vandredi pou rive nan yon lòt, epi soti nan yon mwa Ramadan pou rive nan yon lòt, se mwayen ki efase (padone) peche ki fèt ant yo a, ak kondisyon pou moun nan evite gwo peche yo.

«الصَّلَوَاتُ الْخَمْسُ، وَالْجُمُعَةُ إِلَى الْجُمُعَةِ، وَرَمَضَانُ إِلَى رَمَضَانَ، مُكَفِّرَاتٌ مَا بَيْنَهُنَّ إِذَا اجْتَنَبَ الْكَبَائِرَ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Bondye sou li) fè konnen 5 priyè obligatwa yo lajounen kou lannwit, priyè vandredi chak semèn, ak jèn mwa Ramadan chak ane, efase ti peche ki fèt ant yo, depi yon moun evite gwo peche yo. Kanta pou gwo peche yo, tankou fè adiltè (zina) ak bwè alkòl, yo pa efase eksepte avèk repantans.

Siyifikasyon mo yo

مكفرات: ماحيات.

Pami benefis Hadith la

Gen peche ki piti, gen peche ki gwo.

Padon (efase) ti peche yo genyen kòm kondisyon pou yon moun evite (rete lwen) gwo peche yo.

Gwo peche yo (Al-Kabair) se peche kote gen yon pinisyon legal ki fikse pou yo sou tè a (tankou pinisyon pou vòl), oswa ki gen yon menas ki mare avèk yo pou Lòt Mond lan; kit se menas yon chatiman, oswa kòlè Allah, oswa si gen yon avètisman grav, oswa yon malediksyon ki tonbe sou moun kap fèl la. Kèk egzanp se Zina (fè sèks andeyò maryaj/adiltè) ak bwè alkòl.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 209) (233).

Plis (8)

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 183).

نزهة المتقين بشرح رياض الصالحين.

لمصطفى سعيد الخن (1/ 158).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص108).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم بن عيد الهلالي (1/ 209).