Madichon Allah sou Jwif yo ak Kretyen yo; yo te pran tonb pwofèt yo pou yo fè yo tounen moske (kote pou yo adore).
Bò kote Aicha ak Abdoullah ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), yo te di:
Lè lanmò te desann sou Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li te kòmanse mete yon moso twal li te genyen sou figi li, epi lè li te santil toufe avèk li, li te retirel sou figi li, epi li te di pandan li te nan eta sa a: «Madichon Allah sou Jwif yo ak Kretyen yo; yo te pran tonb pwofèt yo pou yo fè yo tounen moske (kote pou yo adore).» Li tap avèti kont sa yo te fè a.
لَمَّا نَزَلَ بِرَسُولِ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ طَفِقَ يَطْرَحُ خَمِيصَةً لَهُ عَلَى وَجْهِهِ، فَإِذَا اغْتَمَّ بِهَا كَشَفَهَا عَنْ وَجْهِهِ، فَقَالَ وَهُوَ كَذَلِكَ: «لَعْنَةُ اللَّهِ عَلَى اليَهُودِ وَالنَّصَارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ مَسَاجِدَ» يُحَذِّرُ مَا صَنَعُوا.
Aicha ak Ibn Abbas (se pou Allah satisfè avè yo) enfòme nou ke lè lanmò tap frape Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li te kòmanse mete yon moso twal sou figil; e lè li te vin difisil poul respire akòz agoni lanmò a, li te retirel nan figil, epi li te di nan moman difisil sa a: « Se pou madichon Allah tonbe sou Jwif yo ak Kretyèn yo, e se pou li chase yo nan mizèrikòd li!» Sa a se paske yo te bati kote moske sou tonb pwofèt yo. Si zafè a pa te gen gwo danje, li pa ta mansyonel nan yon moman konsa. Se poutèt sa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi nasyon li an pou yo pat fè menm jan an, paske se yon zak Jwif yo ak Kretyen yo fè, epi paske se yon mwayen ki mennen nan fè asosye ak Allah Toupwisan an.
.....:
Entèdiksyon pou moun pran tonb pwofèt yo ak moun ki te mache dwat yo kòm moske pou priye Allah ladan yo; paske aksyon sa a se yon mwayen ki mennen nan 'Shirk' (bay Allah asosye).
Gwo atansyon ak enpòtans Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay prensip Allah inik la (Tawhid), ak krent li te genyen pou moun pa glorifye tonb yo; paske, sa mennen nan peche (adore lòt bagay nan plas Allah).
Pèmisyon pou madichonnen Jwif yo ak Kretyen yo, ansanm ak moun ki fè menm jan avèk yo nan bati sou tonb yo epi pran yo kòm moske.
Bati sou tonb yo se youn nan tradisyon Jwif yo ak Kretyen yo, e nan Adis sa a, gen yon entèdiksyon pou nou pa imite yo.
Pami fason yo fè tonb tounen moske, se priye bò kote yo epi nan direksyon yo, menm si yo pa bati yon moske.
Sahih Al-Bukhari (1/ 95) (435).
(2/ 102) (1390).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 377) (531).
(1/ 376) (529).
Plis (4)
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
للشيخ صالح الفوزان (ص170).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد بن عبد العزيز السليمان القرعاوي (ص185).
Cited in books
5 BooksPlis (4)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهملَمَّا نُزِلَ بِرَسُولِ اللهِ ﷺ، طَفِقَ يَطْرَحُ خَمِيصَةً لَهُ عَلَى وَجْهِهِ، فَإِذَا اغْتَمَّ كَشَفَهَا عَنْ وَجْهِهِ، فَقَالَ: وَهُوَ كَذَلِكَ «لَعْنَةُ اللهِ عَلَى الْيَهُودِ وَالنَّصَارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ مَسَاجِدَ»
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهملَمَّا نُزِلَ بِرَسُولِ اللهِ ﷺ، طَفِقَ يَطْرَحُ خَمِيصَةً لَهُ عَلَى وَجْهِهِ، فَإِذَا اغْتَمَّ كَشَفَهَا عَنْ وَجْهِهِ، فَقَالَ: وَهُوَ كَذَلِكَ «لَعْنَةُ اللهِ عَلَى الْيَهُودِ وَالنَّصَارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ مَسَاجِدَ»
- مجموعة زاد السیرة النبوية (4)السيرة النبوية 4«لَعْنَةُ ﷲ على اليَهُودِ والنَّصارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبيائِهِمْ مَساجِدَ» يُحَذِّرُ ما صَنَعُوا.
- مجموعة زاد العقيده (4)العقيدة 4«لَعْنَةُ الله على اليَهُودِ والنَّصارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبِيائِهِمْ مَساجِدَ» يُحَذِّرُ ما صَنَعُوا.