Gen yon lapriyè ant chak 2 apèl (Azan ak Ikama), gen yon lapriyè ant chak 2 apèl. » Aprèsa, li di nan twazyèm fwa a: « Pou moun ki vle.
Daprè Abdoullah ibn Mughaffal (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Ant chak 2 apèl (Azàn ak Ikama) gen yon lapriyè; ant chak 2 apèl gen yon lapriyè. » Aprèsa, li di nan twazyèm fwa a: « Pou moun ki vle. »
«بَيْنَ كُلِّ أَذَانَيْنِ صَلَاةٌ، بَيْنَ كُلِّ أَذَانَيْنِ صَلَاةٌ» ثُمَّ قَالَ فِي الثَّالِثَةِ: «لِمَنْ شَاءَ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te eskplike ke ant chak Azàn ak Ikama gen yon lapriyè nafila, epi li repete sa 3 fwa, epi li fè konnen nan twazyèm fwa a ke sa rekòmande pou moun ki vle priye.
Rekòmandasyon pou fè lapriyè ant Azàn ak Ikama.
Gidans Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah ou li) nan repete pawòl yo, se te nan objektif poul te asire moun yo tande li byen epi pou li te mete aksan sou enpòtans sal tap di a.
Sa yo vle di pa "2 apèl yo", se Azàn nan ak Ikama a, epi yo rele yo konsa ("2 apèl yo") kote yon non anglobe lòt la, menm jan ak "2 lalin yo" (Solèy la ak Lalin nan) ak "2 Omar yo" (Abou Bakr ak Omar).
Azàn an se yon anons pou fè konnen lè lapriyè a rive, epi Ikama a se yon fason pou fè moun konnen lapriyè a pral kòmanse kounye a.
Sahih Al-Bukhari (1/ 128) (627).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 573) (838).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (16/ 671).
النهاية في غريب الحديث والأثر (31).