Skip to content

Pi bon ranje pou gason yo se premye a, epi pi move a se dènye a; pi bon ranje pou fanm yo se dènye a, epi pi move a se premye a.

Abou Hourayrah (se pou Allah satisfè avèk li) rapòte ke Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Pi bon ranje pou gason yo se premye a, epi pi move a se dènye a; pi bon ranje pou fanm yo se dènye a, epi pi move a se premye a.

«خَيْرُ صُفُوفِ الرِّجَالِ أَوَّلُهَا، وَشَرُّهَا آخِرُهَا، وَخَيْرُ صُفُوفِ النِّسَاءِ آخِرُهَا، وَشَرُّهَا أَوَّلُهَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen pi bon ranje pou gason nan lapriyè a, sa ki gen plis rekonpans ak merite a, se premye a; poutèt yo pi pwòch imam nan, yo koute lektil pi byen, epi yo pi lwen fanm yo, epi pi move a, sa ki gen mwens rekonpans ak mwens merit la, epitou ki pi lwen sa lwa relijye a (Charia) rekòmande a, se dènye a; Epi pi bon nan ranje medam yo se dènye a; paske li pi byen kouvri yo, epi li fè yo rete pi lwen pou yo pa melanje ak mesye yo, ni wè yo, ni tonbe nan tantasyon ak yo, epi pi move nan yo se premye a; paske li pi pwòch mesye yo epi sa ekspoze yo anba tantasyon.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou gason yo kouri vit fè bon zèv epi chèche pran premye ranje yo nan lapriyè.

Li pèmèt pou fanm priye nan moske a ansanm ak gason nan ranje ki apa, men ak kondisyon pou yo byen kouvri kò yo epi rete nan respè ak modesti.

Lè fanm yo rasanble nan Moske a, enben yo dwe fòme ran, tankou ran gason yo, epi yo pa dwe rete separe. Men pito, yo dwe rete byen kole youn ak lòt nan ran an epi konble tout espas vid yo, menm jan sa ye nan ran gason yo.

Eksplikasyon sou gwo atansyon Lalwa Islamik la bay nan ensiste pou medam yo rete lwen gason, menm nan espas kote yap fè adorasyon yo.

Siperyorite ak valè moun depann sou bon zèv yo fè.

An-Nawawi te di: Kanta pou ranje gason yo, règ la rete an jeneral, donk pi bon nan yo ap toujou premye a, epi pi move a ap toujou dènye a. Kanta pou ranje fanm yo, sa yo vle di nan hadith la se: ranje fanm kap priye ansanm ak gason yo. Men, si yap priye apa (separe), pa ansanm ak gason yo, nan ka sa a yo vin menm jan ak gason yo; pi bon ranje pou yo a se premye a, epi pi move a se dènye a.

Al-Nawawi te di: Premye ran yo fè louwanj pou li a, kote adit yo rapòte merit li genyen epi yo ankouraje moun pou yo fè efò pou sa, se ran ki vin aprè Imam nan; kit moun ki ladan li an te vin bonè oswa li te vini anreta, epi kit gen yon separasyon oswa yon lòt bagay menm jan an nan mitan li an kit pa genyen.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 326) (440).

Plis (8)

سبل السلام شرح بلوغ المرام.

للصنعاني (1/ 374 ).

توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.

لعبد الله البسام (2/ 495).

فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (2/ 272).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

للتبريزي (3/ 851).