Pi bon jou solèy la leve sou li, se jou Vandredi.
Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè ak li), Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pi bon jou solèy la leve sou li, se jou Vandredi. Se nan jou sa a Adan te kreye, se nan jou sa a li te antre nan Paradi, epi se nan jou sa a tou yo te fè li soti ladan li, epi lafen dimond pap rive eksepte nan jou Vandredi.»
«خَيْرُ يَوْمٍ طَلَعَتْ عَلَيْهِ الشَّمْسُ يَوْمُ الْجُمُعَةِ، فِيهِ خُلِقَ آدَمُ، وَفِيهِ أُدْخِلَ الْجَنَّةَ، وَفِيهِ أُخْرِجَ مِنْهَا، وَلَا تَقُومُ السَّاعَةُ إِلَّا فِي يَوْمِ الْجُمُعَةِ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke pi bon jou solèy la janm leve sou li, se jou Vandredi a, Pami karakteristik li yo: Se nan jou sa a Allah te kreye Adan (lapè sou li), se nan jou sa a Li te fèl antre nan Paradi, epi se nan jou sa a tou Li te fèl soti ladan li epi Li te fèl desann sou tè a, epi lafen dimond pap rive si se pa nan jou Vandredi.
Merit jou Vandredi a sou tout lòt jou nan senmenn nan.
Ankourajman pou nou miltipliye bon zèv yo nan jou Vandredi a, epi prepare tèt nou pou jwenn mizèrikòd Allah ki Trèwo a, ak pou evite chatiman Li.
Karakteristik sa yo konsènan jou Vandredi a ki mansyone nan Adis la, gen moun ki di: yo pa la pou site merit jou Vandredi a; paske lefètke yo te fè Adan soti a, ansanm ak lè lafen dimond lan va rive a, sa pa konsidere kòm yon merit. Men, gen lòt ki di: okontrè, yo tout se merit. Lefètke Adan te soti a, se rezon ki fè gen desandan pami mesaje yo, pwofèt yo ak moun ki jis yo. Epi lè lafen dimond lan va rive a, se rezon pou prese bay moun ki jis yo rekonpans yo, yon fason pou yo kapab jwenn tout onè Allah te prepare pou yo a.
Gen lòt kalite (karakteristik) espesyal yo mansyone pou jou Vandredi a apa sa ki rapòte nan vèsyon sa a, pami yo: se nan jou sa a Allah te aksepte repantans Adan, se nan jou sa a tou li te mouri (yo te pran nanm li), epi gen yon moman ladan li, nenpòt kwayan kap lapriyè ki rankontrel epi ki mande Allah yon bagay, Allah ap ba lil san mank.
Pi bon jou nan ane a se jou Arafah a, epi yo di: se jou fèt la (10 Dhu al-Hijjah), epi pi bon jou nan semèn nan se jou Vandredi a, epi pi bon nwit lan se nwit Al-Qadr la.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 585) (854).
Plis (8)
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (2/ 313).
نزهة المتقين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 824).
مرعاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعبيد الله المباركفوري (4/ 422).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 164).
Cited in books
3 BooksPlis (2)
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الرابعة«خَيْرُ يَوْمٍ طَلَعَتْ عَلَيْهِ الشَّمْسُ يَوْمُ الْجُمُعَةِ: فِيهِ خُلِقَ آدَمُ، وَفِيهِ أُدْخِلَ الْجَنَّةَ، وَفِيهِ أُخْرِجَ مِنْهَا»[40].
- مشروع المنهج التعليميمادة الفقه مستوى 2«خَيْرُ يَوْمٍ طَلَعَتْ عَلَيْهِ الشَّمْسُ يَوْمُ الْجُمُعَةِ، فِيهِ خُلِقَ آدَمُ، وَفِيهِ أُدْخِلَ الْجَنَّةَ، وَفِيهِ أُخْرِجَ مِنْهَا، وَلَا تَقُومُ السَّاعَةُ إِلَّا فِي يَوْمِ الْجُمُعَةِ».