Èske youn nan nou pa pè, oubyen: èske youn nan nou pa pè, lè li leve tèt li anvan Imam nan, pou Allah transfòme tèt li an yon tèt bourik, oubyen pou Allah transfòme fòm li an yon fòm bourik?
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Èske youn nan nou pa pè - oswa: èske youn nan nou pa pè - lè li leve tèt li anvan Imam nan, pou Allah transfòme tèt li an yon tèt bourik, oubyen pou Allah transfòme fòm li an yon fòm bourik?».
«أَمَا يَخْشَى أَحَدُكُمْ - أَوْ: لاَ يَخْشَى أَحَدُكُمْ - إِذَا رَفَعَ رَأْسَهُ قَبْلَ الإِمَامِ، أَنْ يَجْعَلَ اللَّهُ رَأْسَهُ رَأْسَ حِمَارٍ، أَوْ يَجْعَلَ اللَّهُ صُورَتَهُ صُورَةَ حِمَارٍ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) eksplike gwo avètisman an pou moun ki leve tèt li anvan Imam li, ki se pou Allah transfòme tèt li an yon tèt bourik, oubyen pou Allah transfòme fòm li an yon fòm bourik.
...:
Gen 4 ka pou sila a kap swiv imam nan avèk imam nan: 3 ladan yo entèdi, ki se: devanse li, fè aksyon yo anmenmtan avèk li, ak rete an reta. Epi sa ki preskri pou sila a kap swiv la se: swiv imam nan.
Obligasyon pou moun kap swiv la swiv Imam nan nan lapriyè a.
Avètisman konsènan transfòme fòm moun ki leve tèt li anvan Imam nan an yon fòm bourik la se yon bagay ki posib, epi li fè pati metamòfoz la (Maskh).
Sahih Al-Bukhari (1/ 140) (691).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 321) (427).
Plis (6)
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 111).
خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.
لفيصل آل مبارك (ص65).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص133).