Skip to content

«Moun ki fè woudou epi li fè woudou a byen, aprèsa li ale nan lapriyè Vandredi a, epi li koute epi li fè silans, yap padone pou li sa ki genyen ant vandredi sa a ak lòt la, ak 3 jou anplis.»

Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè avè l), li di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Nenpòt moun ki fè ablisyon epi li fè ablisyon an byen, aprèsa li ale nan priyè Vandredi a, epi li koute (prèch la) epi li fè silans, yap padone pou li sa ki genyen ant Vandredi sa a ak lòt la, avèk 3 jou anplis. Epi nenpòt moun ki touche ti wòch yo (pou li jwe), li komèt yon aksyon initil (ki anile rekonpans priyè l la).»

«مَنْ تَوَضَّأَ فَأَحْسَنَ الْوُضُوءَ ثُمَّ أَتَى الْجُمُعَةَ فَاسْتَمَعَ وَأَنْصَتَ غُفِرَ لَهُ مَا بَيْنَهُ وَبَيْنَ الْجُمُعَةِ وَزِيَادَةُ ثَلَاثَةِ أَيَّامٍ، وَمَنْ مَسَّ الْحَصَى فَقَدْ لَغَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen nenpòt moun ki fè ablisyon (woudou) li byen fèt—lèl respekte tout obligasyon yo, pratik li yo (sounah), ansanm ak bon konpòtman li mande yo—aprèsa li ale nan lapriyè Vandredi a , li koute prèch la (khoutba) avèk anpil atansyon san li pa pale ni fè anyen ki pa vo anyen; Allah ap padone ti peche li yo pandan dis jou, soti nan lapriyè Vandredi sa a rive nan lòt Vandredi a ansanm ak 3 jou anplis; paske chak bon aksyon vo 10 fwa rekonpans li. Aprèsa, li (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay avètisman kont mank atansyon nan kè a sou konsèy ak leson yap bay nan prèch la (khoutba), epi kont ajitasyon ak distraksyon kò a, tankou manyen ti wòch oswa nenpòt lòt fòm distraksyon ak kò ki okipe nan lòt bagay lèl fè konnen moun ki fè sa a komèt yon zak initil ki retire konsantrasyon li (lagha), epi nenpòt moun ki fè zak initil sa a pap jwenn tout rekonpans nèt pou lapriyè Vandredi a.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou akonpli Woudou a epi konplete li yon fason ki pafè, ansanm ak prezève priyè Joumou'a a.(Priyè vandredi a)

Merit lapriyè Vandredi a.

Obligasyon pou fè silans pandan prèch jou Vandredi a, epi pou pa okipe tèt ou ak pale oswa lòt bagay konsa.

Moun ki pale pou granmesi pandan prèch la, lapriyè Vandredi li a valab epi li akonpli obligasyon an, avèk yon diminisyon nan rekonpans li.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 588) (857).

Plis (6)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 824).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 313).

النهاية في غريب الحديث والأثر.

لابن الأثير(4/ 257).