Skip to content

Dousè (Rifq) pa janm nan yon bagay san li pa rann bagay sa a bèl, epi yo pa janm retire dousè nan yon bagay san yo pa rann li lèd.

Daprè Aïcha (ke Allah satisfè de li), madanm Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Dousè (Rifq) pa janm nan yon bagay san li pa rann bagay sa a bèl, epi yo pa janm retire dousè nan yon bagay san yo pa rann li lèd.».

«إِنَّ الرِّفْقَ لَا يَكُونُ فِي شَيْءٍ إِلَّا زَانَهُ، وَلَا يُنْزَعُ مِنْ شَيْءٍ إِلَّا شَانَهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) eksplike ke dousè, tandrès, ak pasyans nan pawòl ak nan aksyon fè bagay yo vin pi bèl, pi pafè, epi pi bon, epi sa fè li pi fasil pou moun ki posede yo jwenn sa li bezwen an. Manke dousè (Rifq) rann bagay yo gen defo epi li rann yo lèd, li anpeche moun nan jwenn sa li bezwen an, epi si li rive jwenn li, se avèk difikilte.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankouraje moun pou yo genyen yon karaktè ki dou.

Dousè anbeli yon moun, epi li se kòz tout byen nan zafè relijyon ak lavi sou latè.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2004) (2594).

Plis (4)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 683).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص414).