Pi bon lajan (dinar) yon moun ka depanse, se lajan li depanse pou fanmi li. Aprèsa, se lajan li depanse pou bèt li (mwayen transpòl) pou sèvi senyè toupwisan an epi se lajan li depanse pou zanmil (konpayon li) kap sèvi nan chemen Allah.
Soti bò kote Thawban (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"Pi bon lajan (dinar) yon moun ka depanse, se lajan li depanse pou fanmi li. Aprèsa, se lajan li depanse pou bèt li (mwayen transpòl) pou sèvi senyè toupwisan an epi se lajan li depanse pou zanmil (konpayon li) kap sèvi nan chemen Allah." Abou Kilaba (yon moun ki tap rapòte pawòl la) di: "Pwofèt la te kòmanse ak fanmi an apremye." Aprè sa, li di ankò: "Ki moun ki ka gen yon pi gwo rekonpans pase yon gason kap depanse lajan li poul pran swen ti pitit li yo, pou Allah ka pwoteje yo, poul fè yo jwenn avantaj, epi poul fè yo pa nan bezwen (mande moun)?"
«أَفْضَلُ دِينَارٍ يُنْفِقُهُ الرَّجُلُ، دِينَارٌ يُنْفِقُهُ عَلَى عِيَالِهِ، وَدِينَارٌ يُنْفِقُهُ الرَّجُلُ عَلَى دَابَّتِهِ فِي سَبِيلِ اللهِ، وَدِينَارٌ يُنْفِقُهُ عَلَى أَصْحَابِهِ فِي سَبِيلِ اللهِ» قَالَ أَبُو قِلَابَةَ: وَبَدَأَ بِالْعِيَالِ، ثُمَّ قَالَ أَبُو قِلَابَةَ: وَأَيُّ رَجُلٍ أَعْظَمُ أَجْرًا مِنْ رَجُلٍ يُنْفِقُ عَلَى عِيَالٍ صِغَارٍ، يُعِفُّهُمْ أَوْ يَنْفَعُهُمُ اللهُ بِهِ وَيُغْنِيهِمْ.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre plizyè fason pou moun depanse lajan yo. Li te klase yo daprè priyorite lè gen anpil depans ki prezante anmenmtan, kote li te kòmanse ak sa ki pi enpòtan pou rive nan sa ki mwens ijan. Konsa, li fè konnen ke lajan ki bay pi gwo rekonpans lan, se lajan yon mizilman depanse pou moun li gen obligasyon pran swen yo; tankou madanm ak pitit, Aprèsa, depanse pou mwayen transpò ki prepare pou lagè nan chemen Allah, Aprèsa, depanse pou konpanyon li yo ak kanmarad li yo pandan yo se moun kap lite nan chemen Allah.
Lòd priyorite pou fè depans selon sa ki gen plis merit la se jan sa te mansyone a. Kidonk, se pou nou pran sa an konsiderasyon lè gen konfli nan priyorite yo (lè plizyè obligasyon prezante anmenmtan).
Eksplikasyon sou priyorite depans pou fanmi an genyen nan zafè merit pase lòt kalite depans yo.
Depans pou Jihâd nan chemen Allah se pami pi gwo depans yo, tankou prepare ekipman ak gason pou Jihâd.
Yo di: Sa yo vle di pa "chemen Allah" a, se tout zak obeyisans, tankou Hajj pa egzanp.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 691) (994).
Plis (8)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (5/ 315).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (3/ 156).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 291).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 374).
Cited in books
3 BooksPlis (2)
- رسالة موجزة عن الإسلام كما جاء في القرآن الكريم والسنة النبوية (مشتملة على الأدلة)رِسَالَةٌُ مُوجَزَةٌُ عَنِ الْإِسْلَامِ كَمَا جَاءَ فِي الْقُرْآنِ الْكَرِيمِ وَالسَّنَةِ النَّبَوِيَّة-مشتملة على الأدلة -للحرمين-«أَفْضَلُ دِينَارٍ يُنْفِقُهُ الرَّجُلُ: دِينَارٌ يُنْفِقُهُ عَلَى عِيَالِهِ، وَدِينَارٌ يُنْفِقُهُ الرَّجُلُ عَلَى دَابَّتِهِ فِي سَبِيلِ اللهِ، وَدِينَارٌ يُنْفِقُهُ عَلَى أَصْحَابِهِ فِي سَبِيلِ اللهِ» قَالَ أَبُو قِلَابَةَ: "وَبَدَأَ بِ
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«أَفْضلُ دِينَارٍ يُنْفِقُهُ الرَّجُلُ دينَارٌ يُنْفِقُهُ عَلَىٰ عِيَالِهِ، وَدِينَارٌ يُنْفِقُهُ عَلَىٰ دَابَّتِهِ في سَبيلِ الله، وَدِينَارٌ يُنفِقُهُ عَلَىٰ أصْحَابِهِ في سَبِيلِ الله».