W’ap pral jwenn yon pèp ki gen yon Liv (Jwif oswa Kretyen), e lèw rive kote yo, envite yo pou yo temwanye pa gen lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah, e ke Muhammad se mesaje Allah.
Daprè Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo toulède, li di:
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di Mu’adh ibn Jabal lè li te voyelb ale nan peyi Yemen : Wap pral jwenn yon pèp ki gen yon Liv (Jwif oswa Kretyen). Lè w rive kote yo, envite yo pou yo temwanye pa gen lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah, e ke Muhammad se mesaje Allah. Si yo obeyiw nan sa, fè yo konnen ke Allah te enpoze sou yo senk (5) lapriyè chak jou ak chak nwit. Si yo obeyiw nan sa, fè yo konnen ke Allah te enpoze sou yo yon zakat (yon charite obligatwa) ki dwe pran nan men moun rich yo pou yo bay moun pòv yo. Si yo obeyiw nan sa, fè atansyon pou ou pa pran pi bon byen yo (kòm zakat), epi pè madichon moun yo fè mal, paske pa gen okenn baryè ant li menm ak Allah.
قَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ لِمُعَاذِ بْنِ جَبَلٍ، حِينَ بَعَثَهُ إِلَى الْيَمَنِ: «إِنَّكَ سَتَأْتِي قَوْمًا أَهْلَ كِتَابٍ، فَإِذَا جِئْتَهُمْ فَادْعُهُمْ إِلَى أَنْ يَشْهَدُوا أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، فَإِنْ هُمْ أَطَاعُوا لَكَ بِذَلِكَ، فَأَخْبِرْهُمْ أَنَّ اللهَ قَدْ فَرَضَ عَلَيْهِمْ خَمْسَ صَلَوَاتٍ فِي كُلِّ يَوْمٍ وَلَيْلَةٍ، فَإِنْ هُمْ أَطَاعُوا لَكَ بِذَلِكَ، فَأَخْبِرْهُمْ أَنَّ اللهَ قَدْ فَرَضَ عَلَيْهِمْ صَدَقَةً تُؤْخَذُ مِنْ أَغْنِيَائِهِمْ فَتُرَدُّ عَلَى فُقَرَائِهِمْ، فَإِنْ هُمْ أَطَاعُوا لَكَ بِذَلِكَ، فَإِيَّاكَ وَكَرَائِمَ أَمْوَالِهِمْ، وَاتَّقِ دَعْوَةَ الْمَظْلُومِ، فَإِنَّهُ لَيْسَ بَيْنَهُ وَبَيْنَ اللهِ حِجَابٌ».
Lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye Mu'adh ibn Jabal (ke Allah kontan avè l) nan peyi Yemèn pou li te ka envite moun yo vin jwenn Allah epi anseye yo, li te montrel ke li ta pral fè fas ak yon pèp ki se kretyen; poul te ka prepare pou yo, epi poul te ka kòmanse envitasyon an (da’wah) nan bay sa ki pi enpòtan yo priyorite. Konsa, li envite yo pou yo korije kwayans yo an premye; sa vle di, pou yo temwanye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah, e ke Muhammad se mesaje Allah. Paske se pa mwayen sa a yo antre nan Islam. Lè yo fin aksepte sa, li kòmande yo pou yo fè lapriyè (salat), paske se li ki obligasyon ki pi enpòtan an aprè Tawhid (inite Allah). Epi lè yo fin etabli li, li pase moun rich yo lòd pou yo peye Zaka sou byen yo genyen bay moun ki pòv pami yo, apresa li avètil pou li pa pran sa ki pi bon nan byen yo; paske sa ki obligatwa a se sa ki mwayen an, Aprèsa, li rekòmandel poul evite fè enjistis, pou moun ki viktim nan pa lapriyè kont li (pa rele nan pye Allah pou li), paske lapriyè moun yo te fè enjistis la, Allah tande l.
...:
Sans temwanyaj ke "pa gen lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah" a, se adore Allah sèlman, epi sispann adore tout lòt bagay ki pa Li.
Sans temwanyaj ke Muhammad se mesaje Allah a, se kwè nan li, kwè nan sa li te pote, konfime verite a nan sa li te anseye, epi rekonèt ke li se dènye mesaje Allah te voye pou limanite.
Fason yon moun adrese li ak yon moun ki gen konesans oswa ki gen dout pa menm ak fason li adresel ak yon moun ki inyoran; se poutèt sa li te avèti Mu'adh lè li te dil: "Wap pral jwenn yon pèp ki gen yon Liv."
Enpòtans pou yon Mizilman gen klèvwayans sou relijyon li; pou li ka debarase tèt li anba dout moun kap simen konfizyon yo, epi sa fèt pa mwayen chèche konesans (syans relijye).
Relijyon jwif yo ak kretyen yo pa valab aprè misyon Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), epi yo pa pami moun kap jwenn delivrans nan Jou Rezirèksyon an toutotan yo pa antre nan relijyon Islam nan, epi yo kwè nan Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li).
Sahih Al-Bukhari (2/ 119) (1458).
(2/ 128) (1496).
(9/ 114) (7372).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 50) (19).
Plis (5)
فتح الباري لابن حجر (13/ 349).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح فوزان (ص54).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص64).
Cited in books
6 BooksPlis (5)
- رسالة موجزة عن الإسلام كما جاء في القرآن الكريم والسنة النبوية (مشتملة على الأدلة)رِسَالَةٌُ مُوجَزَةٌُ عَنِ الْإِسْلَامِ كَمَا جَاءَ فِي الْقُرْآنِ الْكَرِيمِ وَالسَّنَةِ النَّبَوِيَّة-مشتملة على الأدلة -للحرمين-«وَاتَّقِ دَعْوَةَ المَظْلُومِ فَإِنَّهُ لَيْسَ بَيْنَهُ وَبَيْنَ اللَّهِ حِجَابٌ» [73].
- زاد الداعية إلى الله1«إنك ستأتي قومًا أهل كتابٍ»؛
- مادة العقيدة الإسلامية(قَالَ رَسُولُ اللهِ صلى الله عليه وسلم: لِمُعَاذِ بْنِ جَبَلٍ حِينَ بَعَثَهُ إِلَى الْيَمَنِ إِنَّكَ سَتَأْتِي قَوْمًا أَهْلَ كِتَابٍ فَإِذَا جِئْتَهُمْ فَادْعُهُمْ إِلَى أَنْ يَشْهَدُوا أَنْ لاَ إِلَهَ إِلاَّ اللَّهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا ر
- محاضرات تعظيم قدر الصلاةمحاضرات في تعظيم قدر الصلاة"إِنَّكَ سَتَأْتِي قَوْمًا مِنْ أَهْلِ الكِتَابِ، فَإِذَا جِئْتَهُمْ فَادْعُهُمْ إِلَى أَنْ يَشْهَدُوا أَنْ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، فَإِنْ هُمْ طَاعُوا لَكَ بِذَلِكَ، فَأَخْبِرْهُمْ أَنَّ اللَّهَ قَدْ
- من معالم التوحيد«إِنَكَ سَتَأْتِي قَوْمًا أَهْلَ كِتَابٍ، فَإِذَا جِئْتَهُمْ، فَادْعُهُمْ إِلَى أَنْ يَشْهَدُوا أَنْ لَا إِلَهَ إِلَا اللهُ، وَأَنَّ مُحَمَدًا رَسُولُ الله»([5])،