O nou menm lèzòm, Allah retire nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan kote moun yo tap vante tèt yo poutèt zansèt yo.
Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch pou pèp la jou konkèt Lamèk la epi li te di: «O nou menm lèzòm! Allah retire nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan , kote moun yo tap vante tèt yo poutèt zansèt yo. Moun sou latè divize an 2 kategori sèlman: yon moun ki fè sa ki byen, ki gen krentif pou Allah epi ki gen anpil valè devan senyè toupwisan an ; ak yon moun ki mechan, ki malere (nan nanm li) epi ki san valè devan Allah .Tout moun se pitit Adan yo ye, epi Allah te kreye Adan ak pousyè. Senyè toupwisan an di: {O nou menm lèzòm! Nou te kreye nou soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi, epi Nou te fè nou tounen divès pèp ak divès tribi pou nou ka fè konesans youn ak lòt. Anverite, moun ki pi nòb (ki gen plis valè) nan mitan nou devan Allah, se moun ki gen plis krentif pou Li. Anverite, Allah konn tout bagay, epi li konnen sa kap pase nèt ale.} [Al-Hujurat: 13]».
أَنَّ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ خَطَبَ النَّاسَ يَوْمَ فَتْحِ مَكَّةَ، فَقَالَ: «يَا أَيُّهَا النَّاسُ، إِنَّ اللهَ قَدْ أَذْهَبَ عَنْكُمْ عُبِّيَّةَ الْجَاهِلِيَّةِ وَتَعَاظُمَهَا بِآبَائِهَا، فَالنَّاسُ رَجُلَانِ: بَرٌّ تَقِيٌّ كَرِيمٌ عَلَى اللهِ، وَفَاجِرٌ شَقِيٌّ هَيِّنٌ عَلَى اللهِ، وَالنَّاسُ بَنُو آدَمَ، وَخَلَقَ اللهُ آدَمَ مِنْ تُرَابٍ، قَالَ اللهُ: {يَا أَيُّهَا النَّاسُ إِنَّا خَلَقْنَاكُمْ مِنْ ذَكَرٍ وَأُنْثَى وَجَعَلْنَاكُمْ شُعُوبًا وَقَبَائِلَ لِتَعَارَفُوا إِنَّ أَكْرَمَكُمْ عِنْدَ اللهِ أَتْقَاكُمْ إِنَّ اللهَ عَلِيمٌ خَبِيرٌ} [الحجرات: 13]».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch pou pèp la jou konkèt Lamèk la epi li te di: O nou menm lèzòm! Allah retire nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan (Jahiliyya), ak vante tèt poutèt zansèt yo. Moun sou latè divize an 2 kategori sèlman: Swa li se yon moun ki gen lafwa (yon kwayan) kap fè byen, ki gen krentif pou Allah, ki obeyisan, kap adore Allah, ki gen tout grandè a; moun sa a gen anpil valè devan Allah, menm si li pa gen gwo estati osinon gran fanmi devan moun. Oswa yon moun ki pa kwayan ki mechan epi ki malere anpil; moun sa a san enpòtans epi li rabese devan Allah, epi li pa vo anyen, menm si li ta soti nan gran fanmi epi li gen gwo pozisyon ak pouvwa. Tout moun se pitit Adan yo ye, epi Allah te kreye Adan ak pousyè, kidonk li pa konvnab pou yon moun ki gen rasin li nan pousyè pou li fè lògèy ak vante tèt li. Epi prèv pou sa se pawòl Allah Granmèt la: {O nou menm lèzòm! Nou te kreye nou soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi, epi Nou te fè nou tounen divès pèp ak divès tribi pou nou ka fè konesans youn ak lòt. Anverite, moun ki pi nòb (ki gen plis valè) nan mitan nou devan Allah, se moun ki gen plis krentif pou Li. Anverite, Allah konn tout bagay, epi li konnen sa kap pase nèt ale.} [Al-Hujurat: 13].
عُبية: الكبر، وتضم عينها وتُكسر.
Entèdiksyon pou moun vante tèt yo ak zansèt yo oswa orijin yo.
Sounna At-Tirmidhi (5/ 309) (3270).
Sahih Ibn Hibban (9/ 137) (3828).
Plis (2)
عون المعبود وحاشية ابن القيم (14/ 16).
النهاية في غريب الحديث والأثر (ص587).