Moun ki montre yon moun fè sa ki byen, lap genyen menm rekonpans ak moun ki fè l a.
Daprè Abu Mas'ud al-Ansari (ke Allah satisfè de li), li te di:
Gen yon Mesye ki te vini jwenn Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) epi li dil: "Mwen pèdi tout mwayen mwen (mwen pa gen kote poum rete / pa gen mwayen transpò), tanpri edem ." Pwofèt la di: "Mwen pa gen anyen poum ba ou." Lè sa a, yon lòt mesye di: "O Mesaje Allah mwen ka montrel yon moun ki ka ede li." Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) reponn: "Nenpòt moun ki montre yon lòt moun chemen pou li fè yon byen, lap jwenn menm rekonpans ak moun ki fè byen an."
جَاءَ رَجُلٌ إِلَى النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَقَالَ: إِنِّي أُبْدِعَ بِي فَاحْمِلْنِي، فَقَالَ: «مَا عِنْدِي»، فَقَالَ رَجُلٌ: يَا رَسُولَ اللهِ، أَنَا أَدُلُّهُ عَلَى مَنْ يَحْمِلُهُ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «مَنْ دَلَّ عَلَى خَيْرٍ فَلَهُ مِثْلُ أَجْرِ فَاعِلِهِ».
Gen yon Mesye ki te vini jwenn Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) epi li dil: "Mwen pèdi bèt mwayen mwen , tanpri ban mwen yon bèt poum monte, yon mwayen transpò poum ka rive kotem prale." Pwofèt la te eskizel, li di li pa gen anyen pou li ta ba li. Lè sa a, yon lòt mesye ki te la di: "O Mesaje Allah, mwen ka montrel yon moun ki ka edel." Lè sa a, Mesaje Allah a (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) fè konnen moun ki montrel la vin patnè ak moun ki bay èd la nan rekonpans lan, paske li te montre moun ki te nan bezwen an kotel ka jwenn èd.
...:
Ankourajman pou montre lòt moun chemen ki mennen nan byen.
Ankouraje moun fè sa ki byen se youn nan kòz ki mennen nan solidarite ak tèt ansanm nan kominote Mizilman an.
Gwo favè Allah (ki gen tout pouvwa) san limit.
Adis sa a se yon prensip jeneral, donk li anglobe tout aksyon ki nan byen.
Si yon moun pa ka reponn demand yon lòt moun, li dwe montre li yon lòt kote li ka jwenn sal bezwen an.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1506) (1893).
Plis (5)
شرح النووي على مسلم (11/ 166).
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
للبسام (7/ 349).
فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (6/ 298).
Cited in books
6 BooksPlis (5)
- الدعوة إلى الله وأخلاق الدعاة«مَنْ دَلَّ عَلَى خَيْرٍ فَلَهُ مِثْلُ أَجْرِ فَاعِلِهِ »
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“من دل على خير فله مثل أجر فاعله”.
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«مَنْ دَلَّ عَلَى خَيْرٍ فَلَهُ مِثْلُ أَجْرِ فَاعِلِهِ» [102]
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «مَنْ دَلَّ عَلَىٰ خَيْرٍ فَلَهُ مِثْلُ أَجْرِ فَاعِلِهِ»،
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«مَنْ دَلَّ عَلَىٰ خَيْر فَلَهُ مِثْلُ أَجْرِ فَاعِلِهِ».