Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa entèl vle."
Daprè Houdhayfah (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa entèl vle."»
«لَا تَقُولُوا: مَا شَاءَ اللهُ وَشَاءَ فُلَانٌ، وَلَكِنْ قُولُوا: مَا شَاءَ اللهُ ثُمَّ شَاءَ فُلَانٌ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou yon mizilman di nan pawòl li: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", Oubyen sa Allah vle ak entèl; Sa se paske volonte Allah ak sa Li vle a total nèt, epi pa gen pèsonn ki asosye avèk li ladann، Itilizasyon lèt "wa" (الواو) pouw lye 2 bagay nan fraz la vle di yon moun ap mete yon lòt moun egal ak Allah epi lap mete yo sou menm nivo. Men pito li di: "Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa entèl vle", Konsa, li fè volonte moun nan swiv volonte Allah lè li di: «aprèsa» olye «ak», paske «aprèsa» endike yon lòd kote youn vin aprè lòt avèk yon delè.
...:
Entèdiksyon pou yon moun di: « Se sa Allah vle epi se sa ou vle », ansanm ak lòt ekspresyon ki sanble ak li kote yo sèvi ak lèt "wa" (الواو) pou mete yon lòt moun egal ak Allah, paske sa fè pati asosyasyon nan pawòl (chirk nan ekspresyon).
Pèmisyon pou yon moun di: « Se sa Allah vle epi aprèsa se sa ou vle », ansanm ak lòt ekspresyon ki sanble ak li kote yo sèvi ak mo (ثم - aprèsa) pou lye 2 bagay yo, paske sa elimine danje a (anbigwite oswa asosyasyon an).
Konfimasyon ke volonte a se pou Allah, konfimasyon ke volonte a se pou sèvitè a (moun nan tou), e ke volonte sèvitè a soumèt anba volonte Allah Toupwisan an.
Entèdiksyon pou asosye kreyati yo nan volonte Allah, menm si se nan pawòl.
Konfimasyon ke volonte (mashi'ah) se pou Allah, konfimasyon ke volonte a se pou sèvitè a (moun nan tou), e ke volonte sèvitè a soumèt anba volonte Allah Toupwisan an.
As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (9/ 361) (10755).
Sounna Abou Dawoud (7/ 334) (4980).
Mousnad Ahmad (38/ 299) (23265).
(38/ 364) (23339).
Plis (4)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص368).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص329).
Cited in books
6 Books- Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).التحقيق والإيضاح لكثير من مسائل الحج والعمرة والزيارة - النسخة المعتمدة«Pa di: "Sa Allah vle AK sa entèl vle", men di pito: "Sa Allah vle, EPI aprèsa (Thumma) sa entèl vle".» [102]
- Leson enpòtan pou tout pèp la (Oumma a).Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (apre sa) sa entèl vle."» [5]
Plis (4)
- التوحيد في ضوء عقيدة الإمام الشافعي رحمه الله ونصوصه ومروياته"لا تقولوا: ما شاء الله وشاء فلان، ولكن قولوا: ما شاء الله ثم شاء فلان"([131]).
- خذ عقيدتك من الكتاب والسنة الصحيحة«لا تقولوا ما شاء الله وشاء فلان، ولكن قولوا: ما شاء الله ثم شاء فلان»
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 8«لا تَقُولوا: مَا شاء اللهُ وشاءَ فُلانٌ، ولكنْ قُولوا: مَا شاءَ اللهُ، ثُمَّ شاءَ فُلانٌ».
- كتاب التوحيدكتاب التوحيد للشيخ محمد بن عبد الوهاب((لَا تَقُولُوا: مَا شَاءَ اللَّهُ وَشَاءَ فُلَانٌ، وَلَكِنْ قُولُوا: مَا شَاءَ اللَّهُ ثُمَّ شَاءَ فُلَانٌ))