Te gen yon mesye ki te konn prete moun lajan, e li te konn di sèvitè l la: "Lè ou al jwenn yon moun ki nan difikilte pou li peye, padone li (oswa fèl yon rabè), petèt Allah ap padone nou tou."
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Te gen yon mesye ki te konn prete moun lajan, e li te konn di sèvitèl la: "Lè ou al jwenn yon moun ki nan difikilte pou li peye, padonel (oswa fèl yon rabè), petèt Allah ap padone nou tou." Lè mesye a te mouri epi li rankontre Allah, Allah te padone li.
«كان رجلٌ يُدَايِنُ الناسَ، فكان يقول لفتاه: إذا أتيتَ مُعسِرًا فتجاوز عنه، لعل اللهَ يَتجاوزُ عنا، فلقي اللهَ فتجاوز عنه».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ap rakonte istwa yon mesye ki te konn fè tranzaksyon ak moun kote li prete yo lajan (prè), oswa li te konn vann yo machandiz pou yo peye pita (kredi). Epi li te konn di sèvitè li a ki te konn kolekte dèt nan men moun yo: Si ou al jwenn yon moun ki gen dèt, epi li pa gen sa poul peye dèt la akòz li pa kapab, "padonel" (oswa fasilitel); swa lè ou ba li plis tan (delè) epi ou pa ensiste avèk fòs pou reklame lajan an. ...Oswa lè ou aksepte sa li genyen kounye a, menm si li mwens pase sa li dwew la; e li te fè sa paske li te gen dezi epi li tap swete pou Allah padonel tou epi efase fot li yo. Lèl te mouri, Allah te padonel epi Li te efase tout move aksyon (peche) li yo.
يداين: يكثر من التعامل مع الناس بالدين.
فتاه: غلامه الذي يكلفه بالعمل.
أتيت معسرًا: لمطالبته بما عليه.
Fè byen nan fason nou trete moun, padone yo, epi montre tolerans pou moun ki nan nesesite, se youn nan pi gwo rezon ki pèmèt sèvitè a jwenn delivrans nan Jou Jijman an.
Fè byen ak kreyati yo, gen yon kè ki sensè pou Allah, epi espere nan mizèrikòd li, se pami rezon ki fè yon moun jwenn padon pou pechel fè yo.
Sahih Al-Bukhari (4/ 176) (3480).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1196) (1562).
Plis (9)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 458).
التنوير شرح الجامع الصغير.
للصنعاني (8/ 123).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (16/ 402).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
للقاري (5/ 1953).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (2/ 945).