Skip to content

Lè Allah te kreye Paradi a ak Lanfè a, li te voye Jibril (lapè sou li).

Nan rapò Abou Hurairah (ke Allah satisfè avè l), li di ke Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Lè Allah te fin kreye Paradi a ak Lanfè a, li te voye Jibril (lapè sou li) nan Paradi a. Li di li: "Ale wè li, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki gen pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen yon moun kap tande pale de li kap rete san li pa antre ladan l." Lè sa a, Allah bay lòd pou yo antoure Paradi a ak difikilte (sa moun pa renmen fè), epi li dil: "Ale wè li ankò, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre yo." Jibril ale, li gadel, epi li wè li antoure ak tout sa ki difisil, li di: "Mwen sèman sou pouvwa w la! Mwen pè pou pa gen pèsonn ki rive antre ladan li." Allah di li: "Ale gade Lanfè a, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li wè kote flanm dife yo ap monte sou tèt youn lòt (youn ap vale lòt). Li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen pèsonn kap antre ladan l." Lè sa a, Bondye bay lòd pou yo antoure Lanfè a ak tout kalite dezi (bagay ki atire moun). Epi li dil: "Tounen gade li." Jibril ale, li gadel, li wè li antoure ak tout kalite dezi, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Mwen pè pou pa gen pèsonn kap chape anba li, pou tout moun pa antre ladan l." »

«لَمَّا خَلَقَ اللَّهُ الْجَنَّةَ وَالنَّارَ أَرْسَلَ جِبْرِيلَ عَلَيْهِ السَّلَامُ إِلَى الْجَنَّةِ، فَقَالَ: انْظُرْ إِلَيْهَا وَإِلَى مَا أَعْدَدْتُ لِأَهْلِهَا فِيهَا. فَنَظَرَ إِلَيْهَا فَرَجَعَ، فَقَالَ: وَعِزَّتِكَ لَا يَسْمَعُ بِهَا أَحَدٌ إِلَّا دَخَلَهَا. فَأَمَرَ بِهَا فَحُفَّتْ بِالْمَكَارِهِ، فَقَالَ: اذْهَبْ إِلَيْهَا فَانْظُرْ إِلَيْهَا وَإِلَى مَا أَعْدَدْتُ لِأَهْلِهَا فِيهَا. فَنَظَرَ إِلَيْهَا، فَإِذَا هِيَ قَدْ حُفَّتْ بِالْمَكَارِهِ، فَقَالَ: وَعِزَّتِكَ لَقَدْ خَشِيتُ أَنْ لَا يَدْخُلَهَا أَحَدٌ. قَالَ: اذْهَبْ فَانْظُرْ إِلَى النَّارِ وَإِلَى مَا أَعْدَدْتُ لِأَهْلِهَا فِيهَا. فَنَظَرَ إِلَيْهَا فَإِذَا هِيَ يَرْكَبُ بَعْضُهَا بَعْضًا، فَرَجَعَ فَقَالَ: وَعِزَّتِكَ لَا يَدْخُلُهَا أَحَدٌ. فَأَمَرَ بِهَا فَحُفَّتْ بِالشَّهَوَاتِ، فَقَالَ: ارْجِعْ فَانْظُرْ إِلَيْهَا. فَنَظَرَ إِلَيْهَا فَإِذَا هِيَ قَدْ حُفَّتْ بِالشَّهَوَاتِ، فَرَجَعَ وَقَالَ: وَعِزَّتِكَ لَقَدْ خَشِيتُ أَنْ لَا يَنْجُوَ مِنْهَا أَحَدٌ إِلَّا دَخَلَهَا».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke lè Allah te kreye Paradi a ak Lanfè a, li te di Jibril: Ale nan Paradis la epi gade li. Epi li te ale, li gade li, aprèsa li tounen, Epi Jibril te di: O Senyè, mwen fè sèman sou pouvwa ou, okenn moun pap tande pale de li, ansanm ak plezi ak bèl bagay, onè ak benediksyon ki gen ladan li yo, san li pa ta renmen antre ladan li, epi travay pou sa. Epi, Allah antoure Paradi a epi Li kouvril avèk eprèv ansanm ak difikilte, tankou fè sa ki obligatwa yo epi evite sa ki entèdi yo; donk, moun ki vle antre ladan li dwe rive travèse difikilte sa yo. Aprèsa , Allah, Sila a ki gen tout pouvwa ak tout grandè a, te di : O Jibril! Ale epi gade Paradi a (Al-Jannah), aprè Li te fin antoure li ak difikilte yo, Epi li ale, li gadel Aprèsa li tounen, epi li di: O Senyè, mwen sèmante sou pouvwaw ak grandèw, mwen gen laperèz pou pèsonn pa antre ladan li akoz difikilte ak eprèv yo ki nan chemen li. Lè Allah te kreye Lanfè a, li di: «O Jibril! Ale epi gade li», konsa li ale epi li gade li, Aprèsa li te vini, epi Jibril te di: «O Mèt mwen, pa grandè Ou, pa gen pèsonn ki tande pale de sa ki gen ladan li kòm chatiman, soufrans ak tòti, san li pa rayi antre ladan li, epi pou li pa rete lwen kòz li yo.» Aprèsa Allah, Senyè toupwisan an, te antoure dife Lanfè a, epi Li kouvri chemen ki mennen ladan li avèk dezi ak plezi, aprèsa Li di: «O Jibril! Ale, epi gade li,» Epi Jibril te ale, li gade li, aprèsa li vini, epi li di: «O Seyè, mwen sèmante sou pwisans Ou, mwen te pè, mwen te gen laperèz, epi mwen te enkyè ke pèsonn pap sove anba li; akòz dezi ak plezi ki antoure li yo.»

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Kwè nan lefèt ke Paradi a ak Lanfè a egziste depi kounye a.

Obligasyon pou kwè nan sa ki envizib (Al-Ghayb) ak nan tout sa ki te soti nan men Allah ak Mesaje Li a (lapè ak benediksyon Allah sou li).

Enpòtans pasyans devan difikilte, paske se chemen ki mennen nan Paradi a.

Enpòtans pou evite sa ki entèdi yo; paske yo se chemen ki mennen nan Dife a.

Fè Paradi a antoure ak sa ki difisil, epi Lanfè a antoure ak dezi, se sa ki egzijans eprèv ak tès nan lavi sou tè sa a.

Chemen Paradi a difisil epi li rèd, epi li mande pasyans ak soufrans ansanm ak lafwa, epi chemen Lanfè a ranpli ak plezi ak dezi nan lavi sa a.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 122) (4744).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 319) (2560).

Sounna An-Nasa'i (7/ 3) (3763).

).

Plis (4)

شرح سنن أبي داود للعباد (537/ 15).

حاشية السندي على سنن النسائي (7/ 3).

فتح الباري (18/317).

ذخيرة العقبى في شرح المجتبى (30/276).