Skip to content

Nenpòt moun ki vin jwenn nou pandan nou tout ini dèyè yon sèl chèf (yon sèl lidè), epi moun sa a vle kraze inite nou oubyen divize gwoup nou an, se pou nou touye li.

Daprè Arfajah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«Nenpòt moun ki vin jwenn nou pandan nou tout ini anba otorite yon sèl chèf epi livle kraze inite nou, oswa divize kominote nou an, se pou nou touye l.»

«مَنْ أَتَاكُمْ وَأَمْرُكُمْ جَمِيعٌ عَلَى رَجُلٍ وَاحِدٍ، يُرِيدُ أَنْ يَشُقَّ عَصَاكُمْ، أَوْ يُفَرِّقَ جَمَاعَتَكُمْ، فَاقْتُلُوهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) montre klè ke mizilman yo, si yo mete tèt yo ansanm anba yon sèl dirijan ak yon sèl gwoup, epi aprèsa yon moun vini ki vle konteste otorite li, oswa ki vle divize mizilman yo pou fè yo tounen plizyè gwoup, li obligatwa pou yo anpechel epi goumen kont li; dekwa pou yo repouse mechanstel la epi pou evite san mizilman yo koule.

Siyifikasyon mo yo

وأمركم جميع: كلمتكم مجتمعة على إمام واحد، وأنتم يد واحدة.

يشق عصاكم: أصل العصا الاجتماع والائتلاف، والمراد هنا أنه يريد تفريق جماعتكم التي اجتمعت على إمام واحد.

Pami benefis Hadith la

Se yon obligasyon pou nou koute epi obeyi dirijan Mizilman yo nan sa ki pa yon peche, epi li entèdi pou nou revòlte kont li.

Nenpòt moun ki leve kont lidè Mizilman yo ak kominote yo a, yo dwe konbat li, kèlkeswa pozisyon li nan onè ak desandans li.

Ankouraje pou rasanble, epi pa divize ak fè dezakò.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1480) (1852).

Plis (8)

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (8/ 349).

توضيح الأحكام شرح بلوغ المرام.

للبسام (6/ 329).

فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (5/ 302).

المفاتيح في شرح المصابيح.

الحسين المُظْهِري (4/ 295).