Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
«Nenpòt moun ki vin jwenn nou pandan nou tout ini anba otorite yon sèl chèf epi livle kraze inite nou, oswa divize kominote nou an, se pou nou touye l.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Ap genyen dirijan nap rekonèt (bon zak yo) epi nap dezapwouve (move zak yo), donk moun ki rekonèt sa ki mal la li inosan, epi moun ki dezapwouve li, li sove (li an sekirite), men moun kap peri a se moun ki dakò epi ki swiv yo» Yo di: Èske nou pa dwe goumen kont yo? Li di: «Non, toutotan yo fè lapriyè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Nou te fè sèman bay Mesaje Allah la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) : pou nou koute epi obeyi nan moman difisil ak nan moman fasil, lè nou byen dispoze ak lè nou santi repiyans, epi menm si yo ta bay lòt moun priyorite sou nou ; pou nou pa diskite otorite ak moun ki chèf yo, epi pou nou di laverite kèlkeswa kote nou ye, san nou pa pè okenn repwòch nan men moun kap kritike poutèt Allah.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Moun ki revòlte kont otorite a, ki separe kòl ak kominote a epi ki mouri nan kondisyon sa a, li mouri menm jan ak moun ki te nan fènwa liyorans lan. Nenpòt moun tou ki goumen anba yon drapo avèg (pou yon kòz ki pa klè), ki fache sèlman pou enterè tribi li, kap fè pwopagann pou fanatik/tribilis, oswa kap soutni pwòp gwoup pal (nan lenjistis), si yo touyel, li mouri yon lanmò liyorans. Epi, nenpòt moun ki revòlte kont kominotem lan , kap frape ni bon moun yo ni moun kap fè mechanste yo, san li pa respekte kwayan yo, epi san li pa kenbe pwomès li te fè moun li te siyen kontra ak yo, moun sa a pa avèm, epi mwen menm tou, mwen pa avèk li.
Sahih Rapòte pa Mouslim