Byenfè a: se bon konpòtman, epi peche a se sa ki trakase nan kèw, epi ou pa ta renmen pou moun yo konnen li.
Daprè Nawwas ibn Sam'an (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Bonte se gen bon karaktè, epi peche a se sa kap trakase nan kè ou, epi ou pa ta renmen moun konnen li.» Wabisa pitit gason Ma'bad (ke Bondye satisfè ak li) rakonte: Mwen te ale bò kote Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li), epi li dim: 'Ou vin mande sa ki byen (Al-Birr) ak sa ki peche (Al-Ithm)?' Mwen reponn: 'Wi.' Li dim: 'Mande kèw konsiltasyon (chèche repons nan konsyans ou). Byen an, se sa nanm nan aksepte ak poze, epi kè a trankil sou li. Kanta pou peche a, se sa ki kreye yon tèt chaje (yon doute) nan nanm ou, epi kap jwe nan lestonmak ou, menmsi moun yo ta baw avi legal (Fatwa) epi yo ta baw rezon (yo ta diw li bon).
«البِرُّ: حُسْنُ الخُلُقِ، وَالإِثْمُ مَا حَاكَ فِي صَدْرِكَ، وَكَرِهْتَ أَنْ يَطَّلِعَ عَلَيْهِ النَّاسُ». وَعَنْ وَابِصَةَ بْنِ مَعْبَدٍ رَضِيَ اللَّهُ عَنْهُ قَالَ: أَتَيْتُ رَسُولَ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَقَالَ: «جِئْتَ تَسْأَلُ عَنِ البِرِّ وَالإِثْمِ»، قُلْتُ: نَعَمْ، قَالَ: «اسْتَفْتِ قَلْبَكَ، البِرُّ: مَا اطْمَأَنَّتْ إلَيْهِ النَّفْسُ، وَاطْمَأَنَّ إلَيْهِ القَلْبُ، وَالإِثْمُ: مَا حَاكَ فِي نَفْسِكَ وَتَرَدَّدَ فِي الصَّدْرِ، وَإِنْ أَفْتَاكَ النَّاسُ وَأَفْتَوْكَ».
Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te bay enfòmasyon sou sa ki byen (Al-Birr) ak sa ki peche (Al-Ithm), epi li di: 'Pami pi gwo kalite ki fè pati sa ki byen, se gen yon bon konpòtman (bèl karaktè) devan Allah nan gen krentif pou Li (Taqwa), epi devan kreyati yo nan sipòte move zak yo fèw, nan pa fè kòlè fasil, nan gen yon figi ki louvri (akeyan,souriyan), nan di bèl pawòl, nan kenbe bon relasyon ak fanmi, nan obeyisans, nan aji ak jantiyès, nan fè byen, epi nan gen yon bon viv ak yon bon frekantasyon.' Epi tou, byen an se sa ki fè kè a ak nanm nan poze (santi yo an sekirite) sou li. Kanta pou peche a, se bagay ki bay dout sa yo kap brase nan nanm ou, kap fèw ezite , kèw pa santil alèz ak yo, ki lakòz gen dout ki tabli nan kè a, ansanm ak laperèz pou sa pa yon peche. Epi ou pa ta renmen kite moun wè sa paske li lèd devan zye moun ki gen valè yo, moun debyen yo, ak moun ki egzanplè yo. Sa fèt konsa paske, nan nati li, moun toujou renmen lòt moun wè bèl bagay lap fè, konsa li rayi pou yo wè kèk nan aksyon lap fè, lè sa a se yon peche ki pa gen okenn byen ladan li; epi menmsi moun baw opinyon relijye, pa koute opinyon relijye yap bay la toutotan mak dout la kontinye ap fèw ezite anndan nanm ou. Paske opinyon relijye a pa kapab retire dout la depi dout la gen bon baz epi moun kap bay opinyon relijye a ap deside san li pa gen konesans; men, si opinyon relijye a chita sou yon prèv relijye, li obligatwa pou moun kap chèche opinyon an aksepte li epi swiv li, menm si kè li pa fin santil alèz ak sa.
Ankouraje moun pou yo genyen bèl kalite moral yo; paske bon konpòtman se pami pi gwo kalite bonte yo.
Kwayan an pa ka konfonn laverite ak manti, okontrè, li rekonèt verite a gras ak limyè ki nan kè li, epi li vire do bay manti a epi li rejete li.
Pami siy yon peche se enkyetid ak twoub nan kè a, epi ou rayi lè lòt moun vin konnen sa.
As-Sindi (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Sa konsène bagay ki gen dout yo pami zafè kote moun yo pa gen konesans pou yo detèmine youn nan 2 pati yo; sinon, sa lalwa Islamik la bay lòd pou fè a, san pa gen okenn prèv ki parèt ladan li ki montre lekontrè a, fè pati sa ki byen, epi sa li entèdi a se menm jan an tou, li se peche, epi pa gen okenn nesesite nan 2 ka sa yo pou yon moun mande kèl konsèy ak chèche trankilite nan li.
Moun mesaj sa a adrese a, se moun ki gen yon bon nati (ki entak). Li pa konsène moun ki gen kè yo deprave, sa yo ki pa rekonèt sa ki byen, ni ki pa rejte sa ki mal—eksepte sa ki konfòm ak pasyon pèsonèl yo.
At-Tibi te di: Yo di yo entèprete *Al-Birr* (sa ki byen) nan adit la avèk plizyè sans diferan. Konsa, li entèpretel nan yon kote kòm sa ki pote trankilite nan nanm nan ak sa ki bay kè a lapè, li entèpretel nan yon lòt kote kòm lafwa, nan yon lòt kote kòm sa ki pwochew pi prè Allah, epi isit la menm kòm bon konpòtman. Epi, li entèprete bon konpòtman kòm: sipòte move trètman, evite fè kòlè, akeyi moun ak figi klere, epi di bon pawòl. Epi, tout siyifikasyon sa yo trè pwòch youn ak lòt.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1980) (2553).
Plis (5)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية التحفة الربانية (ص62).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص267).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للنووي وابن رجب رحمهما الله (ص92).