Skip to content

Li te entèdi pou moun fè ve (pwomès kondisyonèl bay Allah) epi li te di: «Sa pa pote okenn byen, men yo sèlman itilize li pou fè moun ki chich la bay.

Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):

Daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ke li te entèdi fè ve(pwomès kondisyonèl bay Allah);, epi li te di: «Sètènman, li pa pote okenn byen, men se sèlman avèk li yo retire sa ki nan men moun ki chich la».

عَنِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَنَّهُ نَهَى عَنِ النَّذْرِ، وَقَالَ: «إِنَّهُ لَا يَأْتِي بِخَيْرٍ، وَإِنَّمَا يُسْتَخْرَجُ بِهِ مِنَ الْبَخِيلِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi ve a, ki se lè yon moun rann yon bagay obligatwa sou tèt li ke Lejislatè a pat rann obligatwa pou li, epi li te di: ve a pa avanse anyen ni li pa retade anyen, men se avè li sèlman yo rale yon bagay nan men moun chich la ki pa fè anyen eksepte sa ki obligatwa sou li a, epi ke ve a pa pote anyen ki pat deja dekrete pou li.

Siyifikasyon mo yo

النذر: إلزام المكلف نفسه ما لم يكن لازمًا عليه بأصل الشرع، مثل أن يقول: لله على أن أتصدق بمائة.

Pami benefis Hadith la

Li pa preskri pou fè ve, men si yon moun fè yon ve, li obligatwa pou li akonplil, depi se pa yon zak dezobeyisans.

Rezon entèdiksyon an (se paske li pa pote okenn byen); paske li pa repouse anyen nan dekrè Allah a; epi pou moun kap fè ve a pa panse ke reyalizasyon demand li a te fèt poutèt ve a, alòske Allah, Trèwo a, pa gen okenn bezwen pou sa.

Al-Qurtoubi di: "Entèdiksyon sa a valab nan ka kote yon moun di, pa egzanp: 'Si Allah geri malad mwen an, map bay kantite charite (Sadaqah) sa a.' Rezon ki fè yo pa renmen sa (li Makrouh), se paske lè li mare aksyon adorasyon li mansyone a ak reyalizasyon objektif li vle jwenn nan, li parèt aklè entansyon li pat pwòp sèlman pou pwoche pi prè Allah ki Pi Wo a nan sa li fè a. Okontrè, li aji ladan li tankou se yon echanj (yon komès) lap fè. Sa ki moutre sa pi byen, sèke si malad li a pat jwenn gerizon, li pa tap bay charite li te mare ak gerizon an. Sa a se konpòtman yon moun ki chich, paske li pa retire anyen nan richès li san li pa jwenn yon rekonpans touswit, ki souvan depase sa li te bay la."

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 124) (6608).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1261) (1639).

Plis (4)

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص353).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

لعبد الله البسام (ص693).