Skip to content

Tout bagay ki ka soule moun (ki fè li pèdi tèt li) se bagay ki entèdi (haram).

Daprè Abou Bourda, daprè papal Abou Mousa Al-Ach'ari (ke Allah satisfè de li):

ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allmah sou li) te voyel nan peyi Yemen, epi li te pozel kesyon sou kèk bwason yo fè laba a, epi li te dil: E kisa yo ye?, li te di: «Al-Bit' ak Al-Mizr», epi yo te mande Abu Burdah: Kisa Al-Bit' la ye? Li te di: Bwason fèmante ki fèt ak siwo myèl, epi Al-Mizr la: bwason fèmante ki fèt ak lòj, epi li te di: «Tout sa ki rann moun sou entèdi». Al-Bukhari rapòte l. Epi Muslim te rapòtel, epi vèsyon pawòl li a se: Li te di: Mesaje Allah a te voye mwen menm avèk Mou'adh nan peyi Yemen, epi mwen te di: O Mesaje Allah! Sètènman, gen yon bwason yo fè nan peyi nou an yo rele Al-Mizr, ki fèt ak lòj, ak yon bwason yo rele Al-Bit', ki fèt ak siwo myèl. Epi li te di: «Tout sa ki ka soule moun se Haram.» E nan yon vèsyon pa Mouslim: «Epi li te di: Tout sa ki fè moun sou e ki detounen la lapriyè, li entèdi». Nan yon lòt vèsyon li te bay, li di: "Allah te bay Mesaje a don poul di anpil bagay ak kèk ti mo ki fini tout diskisyon. Li te di: Mwen entèdi tout bagay ki fe Moun sou, ki fè moun bliye lapriyè."

أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ بَعَثَهُ إِلَى اليَمَنِ، فَسَأَلَهُ عَنْ أَشْرِبَةٍ تُصْنَعُ بِهَا، فَقَالَ: وَمَا هِيَ؟، قَالَ: «البِتْعُ وَالمِزْرُ»، فَقِيلَ لِأَبِي بُرْدَةَ: مَا البِتْعُ؟ قَالَ: نَبِيذُ العَسَلِ، وَالمِزْرُ: نَبِيذُ الشَّعِيرِ، فَقَالَ: «كُلُّ مُسْكِرٍ حَرَامٌ» خرجه البخاري. وَخَرَّجَهُ مُسْلِمٌ وَلَفْظُهُ: قَالَ: بَعَثَنِي رَسُولُ اَلله أَنَا وَمُعَاذٌ إِلَى اَليَمَنِ، فَقُلْتُ: يَا رَسُولُ اَللَّهِ! إِنَّ شَرَابًا يُصْنَعُ بِأَرْضِنَا يُقَال لَهُ: المِزَرُ مِنَ الشَّعِيرِ، وَشَرَابٌ يُقَالُ لَهُ: البِتْعُ مِنَ العَسَلِ، فَقَالَ: «كُلُّ مُسْكِرٍ حَرَامٌ». وَفِي رِوَايَةٍ لِمُسْلِمٍ: «فَقَالَ: كُلُّ مَا أَسْكَرَ عَنِ الصَّلَاةِ فَهُوَ حَرَامٌ». وَفِي رِوَايَةٍ لَهُ: «وَكَانَ رَسُولُ الله قَدْ أُعْطِيَ جَوَامِعَ الكَلِمِ بِخَوَاتِمِهِ، فَقَالَ: أَنْهَى عَنْ كُلِّ مُسْكِرٍ أَسْكَرَ عَنْ الصَّلَاةِ».

Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Sahih
Esplikasyon an

Abou Mousa Al-Ach'ari (ke Allah satisfè de li) fè konnen ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voyel nan peyi Yemen, epi li te mandel konsènan kèk bwason ki fèt la pou konnen si yo aram, konsa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te mandel plis eksplikasyon sou yo. Epi Abou Mousa (ke Allah satisfè de li) te di: Yo se Al-Bit’: diven siwo myèl, ak Al-Mizr: diven lòj. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ki te resevwa don poul di pawòl kout ki gen anpil sans, te di: «Tout sa ki fè moun sou se entèdi».

Pami benefis Hadith la

Nabidh: Se dlo yo mete dat, oswa siwo myèl, oswa lòj, oswa lòt bagay ki sanble ak yo ladan li; konsa li vin pran yon gou ak yon savè ki dous ladan yo, epi aprèsa, li ka fèmante pou li vin tounen yon bagay ki ka soule moun.

Hadis sa a se yon prensip ki entèdi tout kalite bagay ki ka fe moun sou, tankou alkòl, marigwana, ak lòt bagay ki sanble ak yo

Enpòtans pou poze kesyon sou sa yon Mizilman bezwen.

Premye fwa Allah te entèdi alkòl, se te lè moman lapriyè a rive, paske gen kèk imigran ki te bwè, e lè yo tap lapriyè, yo te melanje pawòl yo. Lè sa a, vèsè sa a te desann: "Nou menm ki kwè, pa pwoche bò kote lapriyè lè nou sou, jiskaske nou konprann sa nap di." Moun kap fè anons pou Mesaje Allah a te konn di: "Pa gen moun ki sou ki dwe pwoche bò kote lapriyè." Apre sa, Allah te entèdil nèt lè li te di: "Nou menm ki kwè, alkòl, jwèt aza, zidòl ak bagay moun itilize pou chèche konnen avni, se bagay ki sal, se travay Satan. Evite yo pou nou ka reyisi. Satan vle mete divizyon ak rayisman ant nou nan bwè alkòl ak jwèt aza, epi anpeche nou sonje Senyè toupwisan an ak lapriyè. Èske nou pap sispann?"

Allah ki anwo nan syèl la te entèdi alkòl akòz gwo domaj ak dega li genyen ladan li.

Sa ki sèvi kòm baz pou entèdiksyon an se prezans kalite ki soule moun nan; kidonk, si bwason an gen kalite ki soule moun nan, li entèdi, epi si li pa gen kalite ki soule moun nan, li pèmèt.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 104) (5575).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1587) (2003).

Plis (15)

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (8/ 519).

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (5/ 418).

توضِيحُ الأحكَامِ مِن بُلوُغ المَرَام.

للبسام (6/ 307).

معالم السنن.

وهو شرح سنن أبي داود.

للخطابي (4/ 264).

الفتح الرباني لترتيب مسند الإمام أحمد بن حنبل الشيباني.

للساعاتي (16/ 116).

فيض القدير شرح الجامع الصغير.

للمناوي (5/ 30).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي القاري (6/ 2382).