Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

24 of 477 cards

Clear filters
«Nenpòt moun ki vin jwenn nou pandan nou tout ini anba otorite yon sèl chèf epi livle kraze inite nou, oswa divize kominote nou an, se pou nou touye l.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon jou, Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te leve kanpe devan nou, li te fè nou yon prèch ki pwisan anpil, ki te fè kè nou tranble epi ki te fè nou kriye. Yo te dil: 'O Mesaje Allah, se tankou si se te dènye prèch ou tap fè nou an, kidonk ba nou yon rekòmandasyon.' Li te di: 'Mwen rekòmande nou pou nou gen krentif pou Allah ,pou nou koute epi obeyi, menm si se yon esklav abisini (Etyopyen) ki ta dirije nou. Paske, aprèm fin ale, nap wè gwo divizyon, kidonk nou dwe swiv tradisyon mwen an (Sunnah) ak tradisyon kalif ki byen gide yo. Kenbe yo byen fèm avèk dan nou, epi pran prekosyon ak bagay ki fèk parèt yo (inovasyon nan relijyon), paske chak inovasyon se yon devyasyon (erè).
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
«O Allah! Nenpòt moun ki vin responsab nenpòt bagay nan zafè kominote mwen an, epi li rann li difisil , rann lavil difisil pou li tou, epi nenpòt moun ki vin responsab nenpòt bagay nan zafè kominote mwen an, epi li trete yo avèk dousè, trete li avèk dousè tou.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, lè moun yo wè yon moun ki enjis epi yo pa anpechel, li pap pran tan pou Allah kouvri yo tout ak yon chatiman ki soti nan Li.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
« Sètènman, pami pi gwo djihad yo se yon pawòl jistis devan yon dirijan ki enjis. »
(Akseptab gras a lòt vèsyon) Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
«Ap genyen dirijan nap rekonèt (bon zak yo) epi nap dezapwouve (move zak yo), donk moun ki rekonèt sa ki mal la li inosan, epi moun ki dezapwouve li, li sove (li an sekirite), men moun kap peri a se moun ki dakò epi ki swiv yo» Yo di: Èske nou pa dwe goumen kont yo? Li di: «Non, toutotan yo fè lapriyè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun pami nou ki wè yon move zak, se poul chanjel ak men li; epi si li pa kapab, ak lang li; epi si li pa kapab, ak kè li, epi sa a se nivo lafwa ki pi fèb la.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Lè yon sèvitè (yon kwayan) tonbe malad oswa li nan vwayaj, yo ekri pou li (menm rekonpans) pou zèv li te konn abitye fè lèl te lakay li epi lèl te an bòn sante a.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.