Skip to content

Respè ak wont se yon pati nan lafwa.

Bò kote Abdoullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te tande yon mesye kap konseye frèl pou li gen wont, epi li te di l: "Wont (anba devan Allah) se yon pati nan lafwa."

سَمِعَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ رَجُلًا يَعِظُ أَخَاهُ فِي الْحَيَاءِ، فَقَالَ: «الْحَيَاءُ مِنَ الْإِيمَانِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te tande yon mesye kap konseye frè li pou li sispann twò gen wont! Lè sa a, Pwofèt la montrel ke "wont" sa a se yon pati nan lafwa, epi li pa pote anyen lòt pase byen. Epi respè pou tèt nou ak wont pou sa ki mal la, se yon bèl kalite ki pouse nou fè bon bagay epi evite sa ki mal.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Sa ki anpechew fè sa ki byen, yo pa rele sa "wont" (pou li ta yon kalite moral), men yo rele sa timidite, feblès, lachte, oswa krentif.

Respè ak wont pou Allah Toupwisan an se lèw fè sa yo kòmande yo, epi evite sa yo entèdi yo.

Respè devan moun se lèw respekte yo, ou ba yo plas yo merite, epiw evite sa ki jeneralman konsidere kòm lèd oswa deplase.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 14) (24).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 63) (36).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 489).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 330).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 427).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

للصنعاني (2/ 689).