Nan Jou Jijman an, yo pral mennen yon nonm, epi yo pral jete l nan dife a. Trip nan vant li ap soti deyò, epi lap vire won avèk yo menm jan yon bourik vire toutotou yon moulen.
Oussama ibn Zayd (se pou Allah satisfè avèk li ) te rapòte: Gen moun ki te dil: « Èskew pap antre kote Outhman pouw pale avèl? » Li reponn: « Èske nou panse mwen pa ka pale avèl san se pa devan nou tout poum fè li tande? Sou sèman Allah, mwen te deja pale avèk li an prive ant mwen menm avèl sèlman, san mwen pa ouvri yon pòt dezòd mwen pa ta renmen se mwen ki premye moun ki ouvril. Epi tou, mwen pap di okenn moun ki ta vin chèf sou mwen:
« Yap mennen yon nonm nan Jou Jijman an, yap jete li nan Dife a; trip vant li ap soti deyò, epi lap vire toutotou yo menm jan yon bourik ap vire toutotou yon moulen. Moun ki nan Dife a ap rasanble bò kotel, yap di li: "Enfòmasyon sou ou, entèl! Sak pasew konsa? Èske se pat ou menm ki te konn bay lòd pou moun fè sa ki byen epi entèdi sa ki mal?" Lap reponn: "Wi se vre, mwen te konn bay lòd pou moun fè sa ki byen men mwen menm mwen pat konn fèl, epi mwen te konn entèdi moun fè sa ki mal pandan mwen menm mwen te konn fèl." »
«يُؤْتَى بِالرَّجُلِ يَوْمَ الْقِيَامَةِ، فَيُلْقَى فِي النَّارِ، فَتَنْدَلِقُ أَقْتَابُ بَطْنِهِ، فَيَدُورُ بِهَا كَمَا يَدُورُ الْحِمَارُ بِالرَّحَى، فَيَجْتَمِعُ إِلَيْهِ أَهْلُ النَّارِ، فَيَقُولُونَ: يَا فُلَانُ مَا لَكَ؟ أَلَمْ تَكُنْ تَأْمُرُ بِالْمَعْرُوفِ، وَتَنْهَى عَنِ الْمُنْكَرِ؟ فَيَقُولُ: بَلَى، قَدْ كُنْتُ آمُرُ بِالْمَعْرُوفِ وَلَا آتِيهِ، وَأَنْهَى عَنِ الْمُنْكَرِ وَآتِيهِ».
Yo te di Ousama bin Zayd (se pou Allah agreye yo toulède): "Èskew pzp antre al kote Ousmann bin Affan (se pou Allah agreye l) pouw pale avèk li konsènan latwoublay ki rive nan mitan pèp la, epi fè efò pou etenn li nèt?" Lè sa a, li te fè yo konnen ke li te pale avèl an sekrè pou chèche sa ki nan enterè jeneral la san li pa pouse dife latwoublay la, epi objektif li se paske li pa te vle repwoche dirijan yo an piblik devan tout moun, pou sa pa vin yon kòz pou moun manke Kalif la dega. Epi sa se yon pòt latwoublay ak mal ke mwen papp janm premye moun ki louvri li. Aprèsa, Ousama (ke Allah satisfè avèk yo) te di ke li bay dirijan yo konsèy an sekrè, li pa fè konpwomi ak pèsonn menm si li ta yon dirijan, ni li pa flate yo pou li fè lwanj pou yo nan figi yo ak manti. Li fè sa poutèt sa li te tande nan men Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di: nan Jou Jijman an, yap mennen yon nonm, yap jete li nan Dife a, epi trip li ap soti nan vant li byen vit akòz gwo chalè a ak gwo chatiman an. Aprèsa, lap vire won ak trip li nan eta sa a anndan Dife a, menm jan yon bourik vire won alantou moulen li a, ki se wòch moulen an. Moun ki nan Dife a ap vin rasanble alantou li sou fòm yon sèk kap sènen li, epi yap mande l: O entèl, èske se pa ou menm ki te konn kòmande fè sa ki byen (Al-Ma'ruf) epi entèdi sa ki mal (Al-Munkar)?! Epi l ap di: Mwen te konn òdone sa ki byen men mwen pat konn fèl, epi mwen te konn entèdi sa ki mal men mwen te konn fèl.
فتندلق أقتاب بطنه: تخرج أمعاؤه.
الرحى: حجر الطاحون.
Règ fondamantal lè yon moun ap bay lidè oswa dirijan yo konsèy, se pou sa fèt an prive ant moun nan avèk yo sèlman, epi poul pa pale de sa devan tout popilasyon an an piblik.
Gwo avètisman ak chatiman sevè pou moun ki di yon bagay epi ki fè yon lòt (moun pawòl li pa mache ak aksyon li).
Bon manyè ak respè devan dirijan yo ansanm ak pale avèk yo avèk dousè, tout pandan nap ankouraje yo fè sa ki byen epi dekouraje yo nan fè sa ki mal.
Kondane moun kap fè konpwomi ak dirijan yo konsènan laverite epi kap montre lekontrè sa ki kache anndan yo, tankou yon flatè kap sèvi ak sa ki fo.
Sahih Al-Bukhari (4/ 121) (3267).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2290) (2989).
Plis (8)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (4/ 143).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 358).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص156).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 220).