Skip to content

Egzanp ipokrit la, se tankou yon mouton ki pèdi wout li ant 2 twoupo, li kouri al jwenn youn epi l al jwenn lòt la yon lòt la tou

Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Egzanp ipokrit la se tankou yon mouton ki egare ant 2 twoupo, lap ale nan sa a yon fwa, epi lap ale nan lòt la yon fwa.»

«مَثَلُ الْمُنَافِقِ، كَمَثَلِ الشَّاةِ الْعَائِرَةِ بَيْنَ الْغَنَمَيْنِ تَعِيرُ إِلَى هَذِهِ مَرَّةً وَإِلَى هَذِهِ مَرَّةً».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouri li) te eksplike konpòtman ipokrit la, epi ke li tankou yon mouton/kabrit kap ezite ki pa konnen kiyès nan 2 twoupo mouton/kabrit yo poul swiv, Li ale nan twoupo sa a yon fwa, epi nan lòt la yon lòt fwa, Yo ap ezite ant kwayans ak Mekreyans (moun ki pa kwayan) , konsa yo pa ansanm ak kwayan yo ni an aparans ni nan anndan yo, epi yo pa ansanm ak mekreyan yo ni an aparans ni nan anndan yo. Men okontrè, an aparans yo ansanm ak kwayan yo, epi nan anndan yo, yo nan dout ak ezitasyon; konsa kèk fwa yo panche bò kote sa yo, epi kèk fwa yo panche bò kote lòt yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pami modèl ak fason pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), se bay egzanp pou fè moun konprann sans yo pi fasil.

Eksplikasyon sou eta ipokrit yo nan ezitasyon, dout ak enstabilite.

Avètisman kont eta ipokrit yo, ak ankourajman pou moun gen onètete ak detèminasyon nan lafwa a, ni an aparans ni an kache.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2146) (2784).

Plis (2)

إكمال المعلم بفوائد مسلم (8/ 313).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (16/ 69).