Pa dwe rete nan kou yon chamo okenn kolye ki fèt ak kòd oswa okenn lòt kolye san yo pa koupel.
Daprè Abou Bashir al-Ansari (ke Allah satisfè de li):
Li te avèk Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan youn nan vwayaj li yo, li te di: Konsa, Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye yon mesaje -pandan moun yo te nan plas kote yo tap pase nwit pou yo dòmi an-: «Pa dwe rete okenn kolye ki fèt ak kòd banza oswa okenn lòt kalite kolye nan kou okenn chamo san yo pa koupe li.»
أَنَّهُ كَانَ مَعَ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِي بَعْضِ أَسْفَارِهِ، قَالَ: فَأَرْسَلَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ رَسُولًا -وَالنَّاسُ فِي مَبِيتِهِمْ-: «لَا يَبْقَيَنَّ فِي رَقَبَةِ بَعِيرٍ قِلَادَةٌ مِنْ وَتَرٍ أَوْ قِلَادَةٌ إِلَّا قُطِعَتْ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te nan youn nan vwayaj li yo, epi moun yo te nan kote yo tap dòmi an, kote yo tap pase nwit la nan kan yo ak tant yo, lè sa a li te voye yon moun bò kote moun yo pou ba yo lòd pou koupe kolye ki te pandye sou chamo yo, kit yo te fèt ak kòd - kòd banza - oubyen lòt bagay tankou klòch oswa sandal. E sa, se paske yo te konn mete kolye nan kou bèt yo kòm prekosyon kont move zye. Konsa, yo te resevwa lòd pou koupe yo; paske yo pa kapab repouse anyen pou yo, epi tout byen ak mal se sèl nan men Allah yo ye, Li menm ki pa gen okenn asosye.
وتر: مفرد أوتار، وهو ما يشد به القوس كانت العرب تعلقه تتقي به العين.
قلادة: ما يعلق في رقبة البعير وغيره، كالجرس والنعل، بنية دفع العين.
Li entèdi pou moun pann kòd (kòd banza) ak kolye pou chèche jwenn byen oswa pou repouse malè, paske pratik sa a se fòm kwayans ki asosye lòt bagay ak Allah (shirk).
Mare yon kolye ki pa fèt ak kòd banza, si se pou dekorasyon, oswa pou mennen bèt la, oubyen pou mare li avèk li, pa gen okenn mal nan sa.
Li se yon obligasyon pou moun denonse (oswa anpeche) sa ki mal selon kapasite yo.
Obligasyon pou kè a atache ak Allah li menm sèl, san yo pa ba Li okenn asosye.
Sahih Al-Bukhari (4/ 59) (3005).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1672) (2115).
Plis (6)
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 179).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص77).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص89).