Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

60 of 477 cards

Clear filters
"«An verite, Allah fè jalouzi, epi an verite, kwayan an fè jalouzi, epi jalouzi Allah se lè kwayan an komèt sa Li entèdi pou li a»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Gen kèk nan konpayon Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) ki te vin jwenn li epi yo te mandel : "Nou santi nan tèt nou kèk bagay (panse) ki tèlman gwo (grav), nou pa menm oze pale de yo." Pwofèt la te mande: "Èske nou vrèman santi sa?" Yo reponn: "Wi." Li di: "Sa a se lafwa ki pi klè a (lafwa ki sensè)."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Satan ap vin jwenn youn nan nou, epi li di: Kilès ki kreye tèl bagay? Kilès ki kreye tèl bagay? Jiskaske li di: Kilès ki kreye Seyè ou a? Epi si li ta rive nan pwen sa a, enben se pou li chache pwoteksyon nan men Allah, epi se pou li sispann.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pa fè lwanj pou mwen depase limit (pa egzajere nan fè lwanj pou mwen) jan kretyen yo te fè pou pitit Mari a (Jezi); paske mwen se yon sèvitè Allah sèlman. Kidonk, di: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Anas bin Malik (ke Allah satisfè avèk li) rakonte ke yon gason te mande: "O Pwofèt Allah! Ki jan yon moun ki pa kwè ap mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Pwofèt la te reponn: "Èske Moun ki te pèmèt li mache sou 2 pyel nan monnd sa a pa gen pouvwa poul fèl mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Qatada te di: "Wi, pa pouvwa ak glwa Seyè nou an!"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Allah, Sila a ki Beni epi ki Trè Wo a, di: O pitit Adan! Toutotan ou priyem epi ou mete espwa ou nan Mwen, Map padone ou pou kèlkeswa sa ou te fè, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Menmsi peche ou yo ta rive jouk nan nwaj syèl la, epi aprèsa ou mandem padon, Map padone ou, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Anverite, si ou ta vin jwenn Mwen ak yon kantite peche ki prèske plen tè a, epi aprèsa ou rankontre Mwen san ou pa asosye anyen avèk Mwen, Map vin jwenn ou ak menm kantite padon an.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, ki 2 bagay ki garanti (Paradi ak Lanfè) yo?" Li reponn: «Moun ki mouri san li pa fè chirk, san li pa mete anyen ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi, epi moun ki mouri pandan lap fè chirk, ki mete yon bagay ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Moun kap rann bagay yo konplike san rezon , pèdi nèt." Li te di sa 3 fwa."
Sahih Rapòte pa Mouslim