Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

25 of 477 cards

Clear filters
Pa fè lwanj pou mwen depase limit (pa egzajere nan fè lwanj pou mwen) jan kretyen yo te fè pou pitit Mari a (Jezi); paske mwen se yon sèvitè Allah sèlman. Kidonk, di: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, ki 2 bagay ki garanti (Paradi ak Lanfè) yo?" Li reponn: «Moun ki mouri san li pa fè chirk, san li pa mete anyen ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi, epi moun ki mouri pandan lap fè chirk, ki mete yon bagay ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Moun kap rann bagay yo konplike san rezon , pèdi nèt." Li te di sa 3 fwa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Nou te bò kote Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li), nou te 9 oswa 8 oswa 7 moun, epi li di: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Kòm nou te fèk sot fè yon sèman, nou te reponn: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah. Aprèsa li di: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Nou reponn: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah. Aprèsa li di ankò: «Èske nou pap fè sèman fidelite bay Mesaje Allah la?» Li (raportè a) di: Lè sa a, nou te lonje men nou epi nou di: Nou deja fè sèman ba ou, O Mesaje Allah, kidonk sou kisa pou nou fè sèman ba ou kounye a? Li di: «Sou angajman pou nou adore Allah san nou pa asosye okenn bagay avèk li, pou nou akonpli 5 priyè yo, epi pou nou obeyi» —epi li te ajoute yon pawòl an sekrè tou ba— «epi pou nou pa mande moun anyen.» Depi lè a, mwen te konn wè kèk pami gwoup moun sa yo, lè fwèt youn ladan yo te konn sot tonbe, li pa tap janm mande okenn moun pou pase li ba li anyen.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Zanj yo pa antre nan yon kay ki gen chen ladan li, ni imaj (foto).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah sou li) tap soti poul ale Hounayn, li te pase bò yon pye bwa ki te pou moun kap bay Allah asosye yo rele: Dhat Anwat, kote yo te konn kwoke zam yo. Yo te di li: "O Mesaje Allah, fè nou gen yon Dhat Anwat menm jan yo gen Dhat Anwat pa yo a." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: «Glwa pou Allah! Sa a se egzakteman sa pèp Mousa (Moyiz ) la te di: {Fè nou gen yon dye menm jan yo gen dye yo.} [Al-Araf: 138] Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen nan men li an, asireman nou pral swiv pratik moun ki te vini anvan nou yo.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
«Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa entèl vle."»
Sahih (Otantik) gras a ansanm chèn transmisyon li yo. Se Abou Dawoud, An-Nasa'i nan Al-Koubra ak Ahmad ki rapòte li
Allah, ki beni epi ki anwo nèt la, di: "Mwen se Sila a ki pi endepandan mwen pa bezwen okenn asosye. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt ansanm avè m, Mwen abandone ni li menm, ni chirk li a (sa li asosye avè m nan).
Sahih Rapòte pa Mouslim