Most Searched
Filter results
279 cards
الموضوعات
التصنيف الشرعي
Filter ▾
حجم المحتوى4
R: 1. Lè mwen santi yon doulè ; mwen mete men dwat mwen sou kote doulè a ye a, epi mwen di : "Bismillah" (Nan non Allah) twa fwa, epi mwen di : "Mwen chache pwoteksyon nan grandè Allah ak nan pouvwa Li kont mal mwen santi a epi kont sa m ap redoute a" 7 fwa.
- Mwen aksepte sa Allah deside epi mwen gen pasyans.
Nan Hadith Umm al-Ala a, (ke Allah kontan avèk li), li te di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te vizitem pandan mwen te malad, epi li te di:
«Resevwa bòn nouvèl, O Oum Al-Ala; paske maladi yon Mizilman, Allah retire peche li yo atravè li, menm jan dife retire salte ki nan lò ak lajan.»
Rapòte pa Abou Dawoud.
- Mwen prese al vizite frè mwen ki malad la, mwen fè Doua pou li, epi mwen pa rete chita lontan bò kote li.
- Mwen fè Ruqyah pou li (mwen li vèsè pwoteksyon pou li) san li pa bezwen mande m.
- Mwen konseye li pasyans ak siplikasyon, epi lapriyè ak pirifikasyon selon sa li kapab.
- Fè Doua pou moun ki malad la:
"«Mwen mande Allah ki gen anpil grandè, Mèt Twòn ki gen anpil grandè a, pou li geri ou» 7 fwa."
R: 1- Fè entansyon ak yon kè ki sensè pou Allah sèlman, Toupwisan e Majestye.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Moun ki aprann konesans pou li vante tèt li devan savan yo, poul diskite ak moun ki san konprann yo, oswa pou li atire atansyon moun sou li, Allah ap fèl antre nan Lanfè.»
Se Ibn Majah ki rapòte li.
- Mwen mete konesans mwen te aprann nan an pratik.
«2 pye yon sèvitè pap deplase nan Jou Jijman an jouk yo poze li kesyon sou 4 bagay: -epi li mansyone pami yo- ak sou konesans li, kisa li te fè ak li»
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ad-Darimi.
- Mwen respekte pwofesè a epi mwen onore li nan prezans li ak nan absans li.
- Mwen chita devan li avèk respè.
- Mwen koutel ak anpil atansyon epi mwen pa koupe pawòl li pandan lap bay leson an.
- Mwen demontre bon mannyè lè map poze kesyon an.
- Mwen pa relel nan non li.
«Youn nan fason pouw onore Allah se lèw onore yon granmoun ki mizilman, ak yon moun ki pote Koran an nan kè l.»
Rapòte pa Abou Dawoud.
R: 1- Mwen salye moun ki nan asanble a.
- Mwen chita kote asanble a fini an, mwen pa fè okenn moun leve sot nan plas li, oswa chita nan mitan 2 moun eksepte avèk pèmisyon yo.
- Mwen fè plas pou lòt moun ka chita.
- Mwen pa entèwonp konvèsasyon asanble a.
- Mwen mande pèmisyon epi mwen di 'Salam' anvan mwen kite asanble a.
- Epi, bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«Li te entèdi pou fè yon moun leve sot nan plas li, epi pou yon lòt moun chita ladan li, men okontrè, fè plas epi bay espas.»
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Lè yonn nan nou rive nan yon rasanbleman, se poul bay salitasyon an, epi lè li vle leve pou li ale, se poul bay salitasyon an tou, paske premye a pa pi enpòtan pase dènye a.»
Se At-Tirmidhi ak Abou Dawoud ki rapòte li.
- Lè yon reyinyon fini, mwen di envokasyon pou mande padon pou sak te pase nan reyinyon an, ki se:
"«O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm, mwen mande ou padon epi mwen repanti tounen vin jwenn ou.»"
Repons: 1. Mwen dòmi bonè.
Dapre Adit la:
« Daprè Abi Barza (ke Allah satisfè avè l), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pa renmen dòmi anvan 'Icha (lapriyè aswè a), ak pale aprè li. »
Se Al-Boukari ki rapòte li.
- Mwen dòmi tou pirifye.
- Mwen pa dòmi sou vant mwen.
- Mwen dòmi sou bò dwat mwen, epi mwen mete men dwat mwen anba machwè dwat mwen.
- Mwen sekwe kabann mwen (anvan m kouche).
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
Daprè Al-Bara' ibn 'Azib (ke Allah satisfè de li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lè ou ale nan kabann ou, fè woudou (pirifikasyon) ou menm jan ou fèl pou lapriyè, aprèsa, kouche sou kote dwat ou.»
- Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te wè yon mesye kouche sou vant li, epi li te di:
"Sa se yon pozisyon kouche Allah pa renmen."
Se Tirmizi ak Ahmad ki rapòte hadit sa a.
- Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lè younn nan nou pral nan kabann li, se poul souke kabann li avèk bò anndan 'Izar' li a (moso twal pou vlope ren l); paske li pa konnen ki sa k te vin sou li aprè l.»
- Mwen li Azkar pou dòmi yo, ki gen ladan li Ayat Al-Koursi, ak Sourat Al-Ikhlas, ansanm ak Al-Mou'awwidhatayn (de Sourat pwoteksyon yo) 3 fwa. Epi mwen di :
«Nan non ou, O Allah, mwen mouri epi mwen viv».
- Mwen reveye pou lapriyè Fajr la.
- Epi mwen di aprè mwen leve nan dòmi:
«Lwanj pou Allah ki ban nou lavi aprè li te fin fè nou mouri, epi se jwenn Li nap retounen».
J: 1. Mwen fè entansyon ak manjem ak bwèm poum jwenn fòs poum obeyi Allah, Toupwisan e Trè O a.
- Lave 2 men yo anvan manje.
- Daprè Hadith Manman kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te:
«Lè li vle manje epi bwè, li lave 2 men li yo, aprèsa, li manje epi li bwè.»
Rapòte pa Ahmad.
- Mwen pwononse : "Bismillah" (Nan non Allah), epi mwen manje ak men dwat mwen nan sa ki devan mwen an, epi mwen pa manje nan mitan asyèt yo, oswa nan sa ki devan lòt moun.
Dapre Adit la:
«O jenn gason, site non Allah, epi manje ak men dwat ou, epi manje nan sa ki devan ou»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Si mwen bliye pwononse "Bismillah", mwen di : "Nan non Allah nan kòmansman ak nan fen ".
- Daprè Hadith Manman Kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Si younn nan nou ap manje, se pou li di: Nan non Allah, epi si li bliye nan kòmansman li, se pou li di: Nan non Allah nan kòmansman li ak nan fen li»
Se Tirmizi ak Ahmad ki rapòte hadit sa a.
- Mwen aksepte manje ki la a, epi mwen pa kritike manje a, si mwen renmen l, mwen manjel, epi si mwen pa renmen l, mwen kitel.
- Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di:
«Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pa te janm konn kritike okenn manje: si li te anvi li, li te konn manje li; men si li pat anvi li, li te konn kite li.»
- Mwen manje kèk bouch manje, epi mwen pa manje anpil.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou yon moun pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men si nanm li dominel (si anvi li pi fò), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
- Mwen pa soufle nan manje a oswa nan bwason an epi mwen kitel jiskaske li refwadi.
«Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi soufle nan manje ak bwason»
Rapòte pa Ahmad ak Ibn Majah.
- Rasanble ak lòt moun pou manje, avèk fanmi oswa envite.
- Yon Hadith rapòte ke yon mesye te di Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Nou manje epi nou pa rasazye, Li te di:
«Petèt nou konn manje separe, rasanble sou manje nou, epi pwononse non Allah Ta'ala sou li, lap mete benediksyon ladan l pou nou.»
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ibn Majah.
- Mwen pa kòmanse manje anvan lòt moun ki pi gran pase mwen.
- Mwen pwononse non Allah pandan map bwè, epi mwen bwè pandan mwen chita, epi mwen bwèl an twa fwa, epi mwen pa respire nan veso a.
«Lè youn nan nou ap bwè, li pa dwe respire nan veso a.»
- Epi, daprè hadith Anas, ke Allah satisfè avèk li,
«ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou moun bwè pandan yo kanpe»
Rapòte pa Mouslim.
- Epi daprè Adit la:
Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te konn respire 3 fwa nan bwason an.
- Mwen remèsye Allah lè mwen fini manje oswa bwè.
«Anverite, Allah satisfè ak sèvitè a lè li manje yon repa epi li fè lwanj pou li pou sa, oswa lè li bwè yon bwason epi li fè lwanj pou li pou sa.»
R: 1. Mwen kòmanse nan mete rad mwen ak bò dwat la, epi mwen fè lwanj pou Allah pou sa.
- Daprè adis Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lè nou abiye epi lè nou fè woudou, kòmanse ak bò dwat nou.»
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
- Mwen pa kite rad mwen long rive anba cheviy mwen yo.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Pati nan rad la ki desann pi ba pase cheviy yo ap nan Dife a.»
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Epi zo jwenti pye yo se 2 zo ki pouse deyò sou 2 bò pye a.
- Ti gason pa gen dwa mete rad ti fi, ni ti fi pa gen dwa mete rad ti gason.
«Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay madichon pou gason kap mete rad fanm, ak fanm kap mete rad gason»
- Pa imite abiman moun ki pa kwè yo oswa moun kap fè peche yo.
Dapre Adit la:
«Nenpòt moun ki imite yon pèp, li fè pati yo.»
Rapòte pa Abou Dawoud.
- Di 'Bismillah' (Nan non Allah) lè wap retire rad ou.
«Pwoteksyon (vwal) ki genyen ant pati prive (entim) pitit Adan yo ak djinn yo, lè youn nan nou retire rad li, se pou li di: Bismillah»
Rapòte pa At-Tabarani ak Ibn Abi Shaybah.
- Mete soulye yo nan pye dwat la an premye, epi retire yo nan pye gòch la.
Daprè Hadith Manman Kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
«Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn renmen kòmanse ak bò dwat nan mete soulye li, nan penyen cheve li, nan pirifikasyon li, epi nan tout afè li»
R: 1. Mwen di: 'Bismillah, Alhamdulillah' (Nan non Allah, Lwanj pou Allah),
13: Lwanj pou Allah ki te ban nou kontwòl sou tout bagay sa yo, paske nou pa tap janm ka rive fè sa pou kò nou.
14: Epi se bò kote Gran Mèt nou an nap retounen.
[Sourat Az-Zukhruf vèsè 13-14].
- Si mwen pase bò kote yon Mizilman; mwen ba li salam.
C: 1. Mwen modere epi mwen gen imilite nan fason map mache a.
Men sa senyè toupwisan an di:
Epi pa mache sou tè a ak grandizè. Paske ou pap janm fann tè a, epi ou pap janm rive nan wotè mòn yo.
vèsè 57 nan Sourat Al-Isra
- Mwen bay 'Salam' (salitasyon) bay moun mwen rankontre.
- Yo te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Ki aksyon nan Islam ki pi bon? » Li reponn:
« Se pouw bay moun manje, epi pouw bay Salam moun ou konnen ak moun ou pa konnen. »
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Mwen bese zye m, epi mwen pa fè pèsonn mal.
- Li (Islam) pase lòd pou moun fè sa ki byen, epi li entèdi sa ki mal.
Nan adis daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), pawòl li:
«Kidonk, bay wout la dwa li». Yo di: E kisa ki dwa wout la? Li di: «Bese je, evite fè moun mal, reponn 'Salam' nan (salitasyon an), kòmande sa ki byen, epi entèdi sa ki mal»
- Retire bagay ki nwizib sou wout la.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
R: 1. Mwen soti ak pye gòch mwen, epi mwen di:
"«Nan non Allah, mwen mete tout konfyans mwen sou Allah, pa gen okenn fòs ni okenn pisans esepte nan Allah. O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon pou m pa pèdi ni pou yo pa fè m pèdi, pou m pa glise (nan erè) ni pou yo pa fè m glise, pou m pa fè lenjistis ni pou yo pa fè m lenjistis, epi pou m pa aji nan inyorans ni pou yo pa aji nan inyorans anvè mwen»."
- Mwen antre nan kay la ak pye dwat mwen, epi mwen di:
«Nan non Allah nou antre, epi nan non Allah nou soti, epi se sou Senyè nou an nou mete konfyans nou.»
- Epi mwen kòmanse ak Siwak la, aprèsa mwen salye moun nan kay la.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Lè li antre, li te konn kòmanse ak Siwak la»
Se Ibn Majah ki rapòte li.
C: 1. Mwen antre ak pye gòch mwen.
- Epi mwen di anvan mwen antre:
«Nan non Allah, O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont move lespri mal yo ak move lespri femèl yo».
- Mwen pa antre ak okenn bagay ki gen non Allah sou li.
- Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
«Lè Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te antre nan twalèt la, li te konn retire bag li.»
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ibn Majah.
- Mwen kache kòm lè map fè bezwen m.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Sa Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te pi renmen kache dèyèl pou fè bezwen l, se te yon bit tè oswa yon jaden pye dat»
Rapòte pa Mouslim.
- Mwen pa pale nan kote map fè bezwen mwen nan.
- Mwen pa vire bò kote 'Kibla' a, ni mwen pa vire do ba li pandan map fè pipi oswa poupou.
Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pa vire fas bò kote Kibla a lè nap fè gwo bezwen oswa ti bezwen, men vire fas bò lès oswa bò lwès»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Mwen itilize men gòch mwen pou retire salte, epi mwen pa itilize men dwat la.
Dapre Adit la:
«Li te entèdi nou… pou nou netwaye nou ak men dwat nou»
- Mwen pa fè bezwen mwen nan chemen kote moun ap pase, ni nan lonbraj yo.
- Daprè adit Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Pran prekosyon ak 2 bagay ki lakòz malediksyon yo. » Yo te di: « Epi kisa 2 bagay ki lakòz malediksyon yo ye, O Mesaje Allah? » Li te reponn: « Se moun ki fè bezwen li nan chemen moun yo, oubyen anba lonbraj yo. »
- Mwen lave 2 men m yo aprè mwen fè bezwen m.
Pou Hadith Jarir la, ke Allah agreyel: Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te ale nan twalèt la, epi li te fè bezwen li, aprèsa li te di:
«O Jarir, pote dlo pou pirifikasyon.» Mwen pote dlo a ba li, epi li pirifye tèt li ak dlo a, aprèsa, li pase men li, li fwote li sou tè a.
Rapòte pa An-Nasa'i.
- Mwen soti ak pye gòch mwen, epi mwen di: «Mwen mande Ou padon».
R: 1. Mwen antre nan moske a ak pye dwat mwen, epi mwen di :
"«Nan non Allah, O Allah, louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo.»"
- Mwen pa chita jiskaske mwen priye 2 rakat.
Dapre Adit la:
«Lè younn nan nou antre nan Masjid la, se poul pa chita jiskaske li priye 2 rakat»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Mwen pa pase devan moun kap priye yo, oswa rele byen fò pou chache yon bagay ki pèdi anndan moske a, oswa vann ak achte anndan moske a.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Si moun kap pase devan moun kap fè lapriyè a te konnen ki peche li rale sou do li, rete kanpe pou karant tap pi bon pou li pase li pase devan li.»
- Epi pawòl Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
« Si yon moun tande yon moun kap rele byen fò pou chache yon bagay li pèdi anndan moske a, se pou li dil: "Se pou Allah pa janm fèw jwenn li", paske moske yo pa bati pou sa. »
Rapòte pa Mouslim.
- Epi nan Hadith la:
« Si nou wè yon moun kap vann oswa kap achte anndan moske a, di li: "Se pou Allah fè biznis ou an pa rapòtew anyen." »
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ad-Darimi.
- Veye sou pwòpte moske a.
- Nan hadith la, bò kote Manman Kwayan yo, Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di:
«Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te òdone pou yo bati moske nan katye yo, epi pou yo netwaye yo epi pafime yo».
Rapòte pa At-Tirmidhi, Abou Dawoud, ak Ahmad.
- Mwen soti nan moske a ak pye gòch mwen, epi mwen di:
"« O Allah mwen mandew pou ou ban mwen nan favè ou (benediksyon Ou). »"
R: 1. Lè mwen rankontre yon Mizilman, mwen kòmanse bay 'Salam' la, pandan map di: 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullahi wa Barakatouh' (Se pou lapè Allah, mizèrikòd li ak benediksyon l sou nou), mwen pa kòmanse ak anyen lòt pase 'Salam' lan, epi mwen pa fè siy ak men mwen sèlman.
- Mwen souri nan figi moun mwen salye a.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Pa meprize okenn bon zèv, menm si se rankontre frèw ak yon figi souriyan.»
Rapòte pa Mouslim.
- Epi mwen ba li lanmen ak men dwat mwen.
- Si yon moun salye mwen ak yon salitasyon, mwen salye li ak youn ki pi bon pase li, oswa mwen reponn menm jan an.
Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a:
Epi lè yo salye nou ak yon salitasyon, reponn ak yon salitasyon ki pi bèl pasel, oswa rann li menm jan an. Anverite, Allah ap kalkile tout bagay (li pran nòt sou tout sa nap fè).
[Sourat An-Nisa vèsè 80],
- Mwen pa kòmanse bay yon moun ki pa kwayan salitasyon an, epi si li salye m, mwen reponn li: "Wa alaykoum".
Dapre Adit la:
«Pa kòmanse bay Jwif yo, ni Kretyen yo 'Salam' la.»
- Epi moun ki pi piti a bay moun ki pi gran an salam, moun ki sou monti a bay moun kap mache a salam, moun kap mache a bay moun ki chita a salam, epi gwoup ki gen mwens moun nan bay gwoup ki gen plis moun nan salam.
Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Moun ki sou monti a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Pa bay fi ou pa gen dwa marye avèl (ki pa fanmi pwòch/mahram) lanmen.
- Nan hadith la, bò kote Manman Kwayan yo, Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di:
«Non, pa Allah, men Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pa te janm manyen men okenn fanm ditou.»
R: 1. Mwen mande pèmisyon anvan mwen antre nan espas la.
- Mwen mande pèmisyon 3 fwa epi mwen pa fè plis, aprèsa mwen ale.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Si youn nan nou mande pèmisyon 3 fwa epi yo pa ba li pèmisyon, fòk li tounen.»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Mwen frape pòt la dousman, epi mwen pa kanpe fas a pòt la, men pito sou bò dwat li oswa sou bò gòch li. Epi mwen di: 'Assalamou Alaykoum'.
Dapre Adit la:
«Lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te rive bò pòt yon gwoup moun, li pat vire fas li dirèkteman devan pòt la, men pito sou bò dwat li oswa sou bò gòch li, epi li te di: "Assalamou Alaykoum, Assalamou Alaykoum" (Lapè sou nou, Lapè sou nou)»
Rapòte pa Abou Dawoud.
- Mwen pa antre kote papa mwen ak manman mwen, oswa nan okenn chanm, anvan mwen mande pèmisyon, sitou anvan Fajr la, nan lè repo midi a, ak aprè lapriyè Icha a.
Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a:
O nou menm ki gen lafwa! Se pou sa ki anba otorite nou yo ak timoun ki poko gen laj majè yo nan pami nou yo mande pèmisyon (anvan yo antre kote nou ye) nan 3 moman espesifik: anvan lapriyè bajou kase (Fajr), lè nou retire rad sou nou nan mitan jounen an (lè nou pral fè yon ti poze), epi aprè lapriyè aswè (Isha). Sa yo se 3 moman kote nou konn pa kouvri kò nou nèt. Aprèsa moman sa yo, pa gen okenn fòt ni pou nou ni pou yo si yo antre san mande, paske nou youn ap sikile bò kote lòt. Se konsa Allah fè nou konprann siy Li yo byen klè; epi Allah konnen tout bagay, Li gen tout bon konprann nan.
[An-Nour: 27].
- Mwen ka antre nan kote moun pa abite yo, tankou: lopital oswa magazen, san mande pèmisyon.
Men sa senyè toupwisan an di:
Li pa yon fot pou nou si nou antre nan kay kote moun pa rete, depi nou gen yon enterè (oswa bagay nou bezwen) ladan yo. Epi Allah konnen sa nap fè parèt aklè ak sa nap kache nan kè nou.
j: 1. Bay bèt la manje epi ba li bwè.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
Yo di: 'O Mesaje Allah, èske vrèman nou gen yon rekonpans pou byenfè nou fè bèt yo?' Li di: «Gen yon rekonpans pou chak kreyati ki gen fwa vivan»
Tout moun tonbe dakò sou li.
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kote yon chamo ki te gen do li kole ak vant li, epi li te di:
«Gen krentif pou Allah konsènan zannimo sa yo»
Rapòte pa Abou Dawoud.
- Gen mizèrikòd ak kè sansib pou li, epi pa ba li pote chay li pa ka sipòte.
- Nan Hadith la: li di, lapè ak benediksyon Allah sou li:
«Kilès ki mèt chamo sa a? Pou kilès chamo sa a ye? Epi, gen yon jèn gason nan pami Ansar yo ki vini, li di: "Se pou mwen, O Mesaje Allah." Li di li: "Èskew pa gen krentif pou Allah pou bèt sa a Li fèw vin mèt li a? Paske li plenyen ban mwen dèskew ap fèl pase grangou epi wap fatigel anpil."»
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
Tid-ib (تدئبه) : Sa vle di fatige l
- Mwen pa tòtire bèt ak okenn kalite soufrans ak mal.
- Nan hadith ki soti nan Jabir (se pou Allah kontan avèk li), ke yon bourik ki te make nan figi li te pase bò kote Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi li te di:
« Èske nou pa tande mwen te modi moun ki make yon bèt nan figil, oswa ki bal kou nan figil? » Epi li te entèdi sa.
Rapòte pa Mouslim ak Abou Dawoud, epi pawòl yo se pal.
C: 1. Mwen fè entansyon nan fè espò poum ranfòse kòm nan bi poum obeyi Allah ak jwenn satisfaksyon Li.
- Nou pa jwe pandan lè lapriyè a.
Men sa senyè toupwisan an di:
4: Malè (oswa madichon) pou moun sa yo kap lapriyè
5 : Moun sa yo ki neglijan nan fason yap lapriyè a (yo pa bay sa valè)
[Al-Ma'un: 4-5].
- Ti gason pa fè spò ak ti fi.
- Mwen dwe mete rad espò ki kouvri pati entim mwen (Awrah).
- Mwen evite espò ki entèdi yo, tankou sa ki gen ladan yo frape nan figi ak fè pati prive (pati entim) parèt (san kouvri).
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Si youn nan nou ap goumen ak frèl, se poul evite figi a.»
Rapòte pa Mouslim.
R: 1. Di laverite nan plèzantri (lè wap fè blag), epi pa bay manti.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la):
«Malè pou moun ki pale epi ki bay manti pou li fè moun yo ri, malè pou li, malè pou li»
Se Abou Dawoud, Ahmad ak At-Tirmidhi ki rapòte li.
- Blag ki pa gen ladan li moke moun, pase moun nan betiz, fè moun mal, ak fè moun pè.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Li pa pèmèt pou yon mizilman fè yon mizilman pè.»
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
- Pa fè twòp blag.
«Epi pa ri twòp; paske lè yon moun ri twòp, sa touye kè li.»
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.