Nou pat konn konsidere koulè maron an (Kudrah) ak koulè jòn la (Sufrah) kòm anyen ditou aprè fanm nan fin wè li pwòp.
Daprè Oum Atiyah (ke Allah satisfè de li), ki te prete sèman bay Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
"Nou pat konn konsidere koulè maron an (Kudrah) ak koulè jòn la (Sufrah) kòm anyen ditou aprè fanm nan fin wè li pwòp."
كُنَّا لا نَعُدّ الكُدرَةَ والصُّفْرَةَ بعدَ الطُّهرِ شيئًا.
Konpayon fanm Umm Atiyyah (ke Allah satisfè avè l) te rapòte ke fanm yo nan epòk Pwofèt la (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) pa te konn konsidere likid ki soti nan pati entim nan - sa ki gen koulè li rale sou nwa, oswa sou jòn - aprè yo fin konstate pwòpte yo de san règ la: kòm san règ, kidonk yo pa te konn kite lapriyè ni jene poutèt sa.
الْكُدْرَةُ: هو الماء الذي تراه المرأة كالماء الوسخ الكدر.
الصُّفْرَةَ: هو الماء الذي تراه المرأة كالصديد يعلوه اصفرار.
Likid ki soti nan pati entim yon fi - aprè li fin rive nan eta pirifikasyon anba règ li - yo pa konsiderel menm si li ta gen koulè twoub ak jòn ladan li ki soti nan san an.
Lè yon likid mawon oswa jòn ap koule pandan règ ak règ abityèl la, yo konsidere li kòm règ paske se san nan moman ki fikse pou li, eksepte li melanje ak dlo.
Yon fanm pa dwe sispann fè lapriyè ni fè jèn akòz likid maron ak jòn ki vini aprè li fin vin pwòp la, okontrè, li dwe fè ablisyon epi fè lapriyè.
Sahih Al-Bukhari (1/ 72) (326).
Sounna Abou Dawoud (1/ 226) (307).
Plis (4)
توضيح الأحكام.
للبسام (1/ 450).
سُبل السلام.
للصنعاني (1/ 153).