Lemonn se yon jwisans pasajè, epi pi bon jwisans ki gen nan mond saa se yon bon madanm (yon madanm ki gen krentif pou Allah).
Daprè Abdullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lavi isiba a se yon byen, epi pi bon nan byen lavi isiba a se yon bon fanm.»
«الدُّنْيَا مَتَاعٌ، وَخَيْرُ مَتَاعِ الدُّنْيَا الْمَرْأَةُ الصَّالِحَةُ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li) fè konnen mond sa a ak tout sa ki ladan li se sèlman yon byen moun pwofite ladan li pou yon ti bout tan epi kap disparèt, epi pi bon pami tout byen li yo se yon bon madanm: sila a ki fè kè li kontan lè li gade li ki obeyi li lè li pase li lòd, epi lè li pa la avèl, li pwotejel nan pwòp tèt pa li ansanm ak nan byen li yo.
...:
Li pèmèt pou jwi tout bèl bagay ki gen nan mond nan ke Allah otorize pou sèvitè Li yo, san gaspiyaj oswa awogans.
Yo ankouraje anpil pou chwazi yon bon madanm; paske li se yon sipò pou mari a poul ka obeyi Seyè li.
Pi bon byen yon moun ka genyen nan lavi sou tè sa a, se sa li itilize pou obeyi Allah, oswa sa ki edel fè sa.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 1090) (1467).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 365).
كشف المشكل من حديث الصحيحين.
لابن الجوزي (4/ 129).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخن وغيره (1/ 286).