Skip to content

Ekri, paske mwen sèvi ak Allah kòm temwen ki kenbe lavim nan men li an, pa gen anyen ki soti nan li [bouch mwen] ki pa verite .

Daprè Abdoullah ibn Omar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

Mwen te konn ekri tout sam tande nan men Mesaje Allah a poum te ka memorize yo. Men moun Quraysh yo te entèdim sa, epi yo dim: "Èske wap ekri tout saw tande nan men Mesaje Allah a, epoutan Mesaje Allah a se yon moun li ye, ki konn pale lè li fache ak lè li kontan?" Lè sa a, mwen sispann ekri, epi mwen rakonte Mesaje Allah a sa. Li lonje dwèt li sou bouch li, epi li di: «Ekri, paske mwen sèmante sou Sila a ki gen nanm mwen nan menl lan, pa gen anyen ki soti ladanl sinon verite.»

كنتُ أكتبُ كلَّ شيءٍ أسمعُه من رسولِ الله صلَّى الله عليه وسلم أُريدُ حفْظَه، فنهتْني قريشٌ، وقالوا: أتكْتبُ كلَّ شيءٍ تَسمَعُه من رسول الله صلَّى الله عليه وسلم، ورسولُ الله صلَّى الله عليه وسلم بَشَرٌ يتكلَّمُ في الغضَبِ والرِّضا؟ فأمسَكتُ عن الكتاب، فذكرتُ ذلك لرسول الله صلَّى الله عليه وسلم، فأومأ بإصبَعِه إلى فيه، فقال: «اكتُبْ، فوالذي نفسي بيدِه، ما يَخرُجُ منه إلا حقٌّ».

Rapòte pa Abou Dawoud
Sahih
Esplikasyon an

Abdoullah ibn Omar (ke Allah satisfè avèk li) te di: Mwen te konn ekri tout sa mwen te tande nan men Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) poum te ka memorizel nan ekril, men kèk mesye nan Kourèych yo te entèdim, epi yo te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) se yon moun ki pale lè li kontan ak lè li an kòlè, epi li kapab fè erè. Konsa, mwen te sispann ekri. Mwen te enfòme Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa yo te di a, epi li te lonje dwèt li sou bouch li epi li di: «Ekri, mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men li an, pa gen anyen ki soti ladan li eksepte verite nan tout sikonstans, ni nan kontantman ni nan kòlè.» Epi Allah ki gen tout pouvwa a te di sou Pwofèt li a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Epi li pa janm pale daprè pwòp lide pal(oswa daprè dezi pal). Sa li di a pa anyen lòt sinon yon revelasyon Allah voye ba li (poul transmèt). [An-Najm 3-4].

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) gen pwoteksyon Allah nan mesaj lap transmèt pou Senyè li a, Toupwisan an, nan kontantman ak nan kòlè.

Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) te fè jefò pou yo konsève Sunnah a epi pou yo transmèt li.

Li pèmèt pou fè sèman, menm san yo pa mande pou fè sa, pou yon bon rezon, tankou pou konfime yon bagay.

Ekri konesans (syans) se youn nan pi gwo rezon ki fè konesans la rete an sekirite (ki pwotejel pou il pa pèdi).

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (5/ 489) (3646).

Plis (1)

شرح سنن أبي داود للعباد (412/ 21).