Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
«Nenpòt moun ki gen kapasite poul marye, se pou li marye, paske sa ede li bese zyel epi sa pwoteje chastete li, Kanta pou moun ki pa kapab, se poul jene, paske sa ap sèvi kòm yon pwoteksyon pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Nou tout se gadyen, epi nou responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo, epi dirijan ki alatèt moun yo se yon gadyen, epi li responsab pou yo, epi gason an se yon gadyen pou moun nan kay li, epi li responsab pou yo, epi fanm nan se yon gadyen pou kay mari li ak pitit li, epi li responsab pou yo, epi esklav la se yon gadyen pou byen mèt li, epi li responsab pou li. Konnen sa byen, nou tout se gadyen, epi nou tout responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen maryaj esepte avèk yon wali.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
« Pami kwayan yo (moun ki gen lafwa yo), sila ki gen lafwa ki pi konplè a, se sila ki gen pi bon konpòtman an, epi pi bon moun nan pami nou, se moun ki pi bon ak madanm yo. »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te aprann nou Khutbat al-Hajah (diskou pou mande èd Allah): Tout lwanj se pou Allah. Nou mande Li èd epi nou mande Li padon. Nou chache pwoteksyon nan men Li kont mechanste ki nan pwòp tèt nou. Moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdi li; epi moun Li kite pèdi, pèsonn pa ka gide li. Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li. {O nou menm lèzòm! Krenn Mèt nou an, Li menm ki te kreye nou soti nan yon sèl moun (nanm), ki te kreye madanm li soti nan li menm tou, epi ki te fè anpil gason ak fanm soti nan yo 2 a pou gaye sou tè a. Krenn Allah, Li menm nou sèvi ak non Li pou nou fè demann yonn bay lòt, epi respekte lyen fanmi yo. Paske tout bon, Allah ap veye sou nou chak deprè.} [Sourat An-Nisa: 1] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah jan nou dwe krenn Li a tout bon vre, epi pa kite lanmò pran nou si se pa nan eta Mizilman (moun ki soumèt nèt devan Li).} [Sourat Ali 'Imran: 102] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah epi toujou pale pawòl ki dwat (ki verite). Lè konsa, Li va fè aksyon nou yo vin bon, epi lap padonnen peche nou yo. Nenpòt moun ki obeyi Allah ak Mesaje Li a, se sèten li ranpòte yon gwo siksè.} [Sourat Al-Ahzab: 70-71]
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah ak Ahmad.
«Yon kwayan pa dwe rayi yon kwayant (egzanp : madann li); si gen yon karaktè lakay li li pa renmen, lap jwenn yon lòt karaktè lakay li ki fè li plezi» oswa li te di: «yon lòt».
Sahih Rapòte pa Mouslim