"Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay madichon pou moun kap bay lajan anba, ak moun kap pran lajan anba nan jijman"
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di:
"Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay madichon pou moun kap bay kòripsyon, ak moun kap resevwa kòripsyon nan rann jijman."
لَعَنَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ الرَّاشِيَ وَالْمُرْتَشِيَ فِي الْحُكْمِ.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah pou li) te fè yon priyè pou yo chase epi mete yo lwen mizèrikòd Allah (ki gen tout glwa ak tout pouvwa), moun ki bay kòripsyon, moun ki pran li, ansanm ak moun ki resevwa li. Pami sa yo tou, gen lajan (oswa kado) yo bay jij yo pou yo ka fè enjistis nan jijman yap rann nan; pou moun ki bay lajan an ka jwenn sa li vle a san li pa gen dwa pou sa.
لعن: حقيقة اللعن الدعاء بالطرد والإبعاد عن رحمة الله تعالى.
الراشي: هو دافع الرشوة.
المرتشي: آخذ الرشوة.
في الحكم: في القضاء.
Li entèdi bay lajan kòripsyon, ak pran li, ak sèvi kòm entèmedyè ladan li, epitou ede nan fèl; paske li gen ladan li kolaborasyon nan sa ki pa dwat.
Kòripsyon an se youn nan gwo peche yo; paske Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye madichon sou moun ki pran li ak moun ki bay li a.
Kòripsyon nan domèn lajistis ak jijman se yon krim ki pi gran, epi li se yon peche ki pi rèd; paske li gen ladan li enjistis ansanm ak rann jijman daprè yon lòt bagay ki pa sa Allah te fè desann.
Sounna At-Tirmidhi (3/ 15) (1336).
Mousnad Ahmad (15/ 8) (9023).
Plis (8)
توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.
للبسام (7/ 188).
فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (6/ 172).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (9/ 450).
سبل السلام شرح بلوغ المرام.
للصنعاني (2/ 577).