Kisa kap rive sim fè lapriyè ki obligatwa yo, mwen fè jèn nan mwa Ramadan an, mwen konsidere sa ki pèmi kòm pèmi, e mwen evite sa ki entèdi a?
Bò kote Abi Abdullah Jabir ibn Abdullah al-Ansari (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):
Yon Mesye te mande Mesaje Allah a (ke lapè Allah ak benediksyon li sou li): "Èskew panse sim fè lapriyè ki obligatwa yo, mwen fè jèn nan mwa Ramadan an, mwen konsidere sa ki pèmi kòm pèmi, mwen evite sa ki entèdi a, epim pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi a?" Li (Pwofèt la) reponn: "Wi."
أَنَّ رَجُلًا سَأَلَ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: أَرَأَيْتَ إِذَا صَلَّيْتُ المَكْتُوبَاتِ، وَصُمْتُ رَمَضَانَ، وَأَحْلَلْتُ الحَلَالَ، وَحَرَّمْتُ الحَرَامَ، وَلَمْ أَزِدْ عَلَى ذَلِكَ شَيْئًا، أَأَدْخُلُ الجَنَّةَ؟ قَالَ: «نَعَمْ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) montre aklè ke moun ki akonpli 5 priyè obligatwa yo epi li pa ajoute anyen sou yo pami priyè volontè (nawafil) yo, ki jene Ramadan epi li pa fè jèn volontè, ki kwè sa ki Halal la pèmèt epi li fèl, e ki kwè sa ki Haram nan entèdi epi li evitel, lap antre nan Paradi.
Moun ki Mizilman an dwe fè tout efò li poul akonpli obligasyon relijyel yo epi poul evite sa ki entèdi yo, avèk objektif prensipal poul antre nan Paradi a.
Enpòtans pou yon moun pratike sa ki pèmi (halal) ak kwè li pèmi, epi poul evite sa ki entèdi (haram) ak kwè li entèdi.
Fè obligasyon yo epi kite sa ki entèdi yo se yon kòz pou antre nan Paradi.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 44) (15).
Plis (3)
جامع العلوم والحكم (1/513).
شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 215).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين للعباد (ص 77).