Skip to content

Sètènman, Allah, Senyè toupwisan an, entèdi nou pou nou fè sèman sou zansèt nou yo.

Bò kote Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:

«Anverite, Allah (Toupwisan ak Majestye) entèdi nou fè sèman sou papa nou yo», Omar te di: Epi, pa Allah, mwen pa janm fè sèman sou yo depi mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi sa, ni an pwòp inisyativ mwen, ni nan repete pawòl lòt moun.

«إِنَّ اللهَ عَزَّ وَجَلَّ يَنْهَاكُمْ أَنْ تَحْلِفُوا بِآبَائِكُمْ»، قَالَ عُمَرُ: فَوَاللهِ مَا حَلَفْتُ بِهَا مُنْذُ سَمِعْتُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ نَهَى عَنْهَا ذَاكِرًا وَلَا آثِرًا.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke Allah (ki gen tout pouvwa a) entèdi fè sèman sou papa yo, kidonk nenpòt moun ki vle fè sèman pa dwe fè sèman esepte sou Allah, epi li pa dwe fè sèman sou yon lòt moun (oswa yon lòt bagay) ki pa Li. Aprèsa , Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li) te mansyone ke li pat sèmante sou yo depi li te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi sa, ni entansyonèlman, ni lè lap repete sèman yon lòt moun ki sèmante sou yon lòt pase Allah.

Siyifikasyon mo yo

ذاكِرًا: عامِدًا.

آثِرًا: حاكِيًا عن غَيْرِي أنَّه حَلَفَ بها.

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou fè sèman sou yon lòt moun (oswa yon lòt bagay) ki pa Allah, epi li site espesyalman fè sèman sou zansèt yo (papa yo) paske sa fè pati koutim epòk inyorans lan (Jahiliyyah).

Fè sèman: se fè sèman sou Allah, oswa sou non Allah yo, oswa sou atribi Allah yo konsènan yon bagay pou konfime li.

Vèti Omar (Se pou Allah satisfè de li) nan rapidite li pou obeyi, nan bon konpreyansyon li, ak nan pyete li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 132) (6647).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1266) (1646).

Plis (4)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص684).

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (2/ 134).