Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah tout bon vre, Li tap ban nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo; yo soti nan maten ak vant vid, epi yo retounen nan aswè ak vant plen.
Daprè Omar ibn Al-Khattab (Se pou Allah satisfè avèk li), li te di: Li te tande Pwofèt Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) kap di:
"«Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap ban nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo: yo soti nan maten ak vant vid epi yo tounen nan aswè ak vant plen.»"
«لَو أَنَّكُمْ تَتَوَكَّلُونَ عَلَى اللهِ حَقَّ تَوَكُّلِهِ، لَرَزَقَكُمْ كَمَا يَرْزُقُ الطَّيْرَ، تَغْدُو خِمَاصًا وَتَرُوحُ بِطَانًا».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ankouraje nou pou nou apiye nèt sou Allah pou nou jwenn sa ki bon pou nou epi pou nou evite sa ki mal nan zafè lavi sou tè a ak nan zafè relijyon, paske pa gen pèsonn ki ka bay, ni ki ka anpeche, ni ki gen pouvwa pou li fè byen, ni pou li fè mal, esepte li menm ki sen anpil la e ki anwo nan syèl la, Epi nou dwe fè efò (pran mwayen) ki pote byen epi ki repouse mal, tout pandan nou gen yon konfyans sensè nan Allah. Lè nou fè sa, Lap ban nou repwovizyon menm jan Li bay zwazo yo, ki soti nan maten pandan yo grangou, epi ki retounen nan aswè pandan vant yo plen. Aksyon sa a zwazo yo fè a se yon kalite mwayen (kòz) nan chèche jwenn pwovizyon, san nou pa tonbe nan pasivite oswa parese (twakkul mal konprann).
...:
Valè ki genyen nan mete konfyans nan Allah, epi lefètke li se youn nan pi gwo rezon ki pèmèt yon moun jwenn benediksyon ak pwovizyon.
Mete konfyans nan Allah pa kontredi poze aksyon, paske li te fè konnen ke mete konfyans nan Allah tout bon vre a pa opoze ak ale vini pou chache pwovizyon.
Lalwa relijye a pote atansyon sou aksyon ki fèt nan kè yo; paske mete tout konfyans nan Allah se yon aksyon ki fèt nan fon kè a.
Sèlman rete kole sou mwayen yo san konte sou Allah se yon mank nan relijyon, epi abandone mwayen yo san fè efò se yon mank nan lespri (rezon).
Sounna At-Tirmidhi (4/ 166) (2344).
Sounna Ibn Majah (5/ 266) (4164).
Mousnad Ahmad (1/ 332) (205).
Plis (5)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص103).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص152).
الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله المحسن (ص91).