Skip to content

Pa fè lwanj pou mwen depase limit (pa egzajere nan fè lwanj pou mwen) jan kretyen yo te fè pou pitit Mari a (Jezi); paske mwen se yon sèvitè Allah sèlman. Kidonk, di: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.

Daprè Omar ibn al-Khattab, ke Allah satisfè avèl , li di: Mwen te tande Pwofèt la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, di:

Pa fè lwanj pou mwen depase limit (pa egzajere nan fè lwanj pou mwen) jan kretyen yo te fè pou pitit Mari a (Jezi); paske mwen se yon sèvitè Allah sèlman. Kidonk, di: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.

«لَا تُطْرُونِي كَمَا أَطْرَتِ النَّصَارَى ابْنَ مَرْيَمَ؛ فَإِنَّمَا أَنَا عَبْدُهُ، فَقُولُوا: عَبْدُ اللهِ وَرَسُولُهُ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) entèdi nou egzajere oswa depase limit lalwa (charia) nan fè lwanj pou li, oswa atribiye ba li kalite ki pou Allah sèlman oswa aksyon ki espesifik pou Allah (tankou kwè li konnen sa kap rive nan lavni/konesans fiti), oswa pou nou lapriyè oswa envokel menm jan ak Allah, jan kretyen yo te fè ak Jezi pitit Mari a (lapè sou li). Aprè sa, li te klarifye ke li se yon sèvitè pami sèvitè Allah yo, epi li bay lòd pou nou di sou li: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Avètisman kont depase limit lalwa (charia) nan bay respè ak nan fè lwanj; paske sa mennen nan fè chirk (bay Allah asosye).

Sa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont li an, te rive vre nan kominote sa a (Oummah la); gen yon gwoup ki te egzajere nan respè pou Pwofèt la, yon lòt gwoup ki te egzajere pou moun lakay Pwofèt la (Ahl al-Bayt), ak yon lòt gwoup ki te egzajere pou moun ki sen yo (Awliya), e konsa yo te tonbe nan fè chirk (bay Allah asosye).

Mesaje Allah a (benediksyon ak lapè Allah sou li) te dekri tèt li kòm sèvitè Allah ; pou li montre ke li se yon sèvitè ki anba otorite Allah, epi nou pa dwe atribiye ba li anyen nan karakteristik Senyè a.

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te dekri tèt li kòm Mesaje Allah (Rasul Allah), pou li te ka montre li se yon mesaje Allah voye, kidonk li obligatwa pou moun kwè nan li epi swiv li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 167) (3445).

Plis (6)

عمدة القاري شرح صحيح البخاري.

محمود بن أحمد بدر الدين العيني (16/ 37).

فتح الباري.

لابن حجر (6/ 490).

منار القاري شرح مختصر صحيح البخاري.

حمزة محمد قاسم (4/ 208).