Skip to content

Siplikasyon se adorasyon an

Bò kote Nou'man ibn Bashir (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:

"«Siplikasyon se adorasyon an», aprèsa li te resite: «{Epi Mèt nou an te di: Rele Mwen, Map reponn nou. Sètènman, moun ki gen lògèy epi ki refize adore Mwen yo ap antre nan lanfè avèk imilyasyon} [Ghafir: 60]»."

«الدُّعَاءُ هُوَ الْعِبَادَةُ»، ثُمَّ قَرَأَ: «{وَقَالَ رَبُّكُمُ ادْعُونِي أَسْتَجِبْ لَكُمْ إِنَّ الَّذِينَ يَسْتَكْبِرُونَ عَنْ عِبَادَتِي سَيَدْخُلُونَ جَهَنَّمَ دَاخِرِينَ} [غافر: 60]».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te fè nou konnen lapriyè (siplikasyon )se sans adorasyon an menm. Donk, li obligatwa pou tout sa wap fè ak tout sa wap mande rete pou Bondye sèlman. Kit se lapriyè demand (lè yon moun mande Allah sa kap itil li, oswa pou li retire sa kap fè li mal nan lavi sa a ak nan lòt lavi a), kit se lapriyè adorasyon (ki vle di tout pawòl ak tout aksyon — kit yo vizib oswa kache, kit yo nan kè, nan kò, oswa avèk lajan — ke Allah renmen epil apwouve). Aprèsa ,Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pote prèv sou sa, kote li te di: Men sa Allah di: {Relem (adore mwen), Map reponn nou. Anverite, moun sa yo ki gen lògèy epi ki refize adorem yo pral antre nan lanfè (Jahannam) tou wont}.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Siplikasyon se baz adorasyon an, epi li pa pèmèt pou nou fè li pou okenn lòt Selman Allah.

Siplikasyon an gen ladan li verite ki dèyè kondisyon nou kòm sèvitè a, epi rekonèt grandè Mèt la ak pouvwa Li, Senyè toupwisan an, ansanm ak jan sèvitè a bezwen Li tout bon vre.

Gen yon gwo menas pinisyon pou moun ki montre yo awogan pou yo adore Allah epi ki refize lapriyèl. Moun sa yo ki fè awogans devan lapriyè Allah a, yap antre nan lanfè avèk imilyasyon epi avèk mepri.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (2/ 603) (1479).

Sounna At-Tirmidhi (5/ 292) (3247).

Sounna Ibn Majah (5/ 5) (3828).

Mousnad Ahmad (30/ 297) (18352).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 546).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 416).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 480).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

للصنعاني (2/ 707).