"Si yon jou Vandredi ou di kamarad ou: Fè silans, pandan Imam nan ap preche, enben ou pale pou granmesi"
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Si yon jou Vandredi ou di kamarad ou: Fè silans, pandan Imam nan ap preche, enben ou pale pou granmesi».
«إذا قُلْتَ لِصَاحِبِكَ: أَنْصِتْ، يومَ الجمعةِ، والْإِمامُ يَخْطُبُ، فَقَدْ لَغَوْتَ».
Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) montre ke pami prensip etik ak konpòtman ki obligatwa pou yon moun ki prezan nan diskou (Khutbah) Vandredi a, genyen: koute lòt moun an silans; pou li ka medite sou konsèy ak rapèl yo. Epi moun ki pale — menm si se ak pi piti mo ki egziste a — pandan Imam nan ap fè diskou a, tankou si li ta di yon lòt moun: "Rete an silans" oubyen "Koute", anverite, li pèdi rekonpans ak benediksyon priyè Vandredi a.
أَنْصِتْ: اسكت عن الكلام.
لَغَوْتَ: لغا أتى بقول ساقط، ليس فيه فائدة.
Li entèdi pou pale pandan yap koute prèch la, menm si se pou entèdi sa ki mal oswa remèt 'Salam' nan ak reponn moun ki estènen.
Eksepte nan ka sa a: moun kap pale ak Imam nan, oswa moun Imam nan ap pale avèl la.
Pèmisyon pou pale ant 2 Koutba yo lè gen bezwen.
Lè yo mansyone Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pandan Imam nan ap preche, se pou ou voye benediksyon ak lapè sou li an silans, epi se menm jan an tou pou di 'Amin' pou priyè a.
Sahih Al-Bukhari (2/ 13) (934).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 583) (851).
Plis (10)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص244).
تنبيه الأفهام.
للعثيمين (2/ 307).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 195).
فتح الباري.
لابن حجر (2/ 409).
تاج العروس من جواهر القاموس.
لمحمّد الحسيني الزَّبيدي (39/ 463).