Skip to content

Mwen te vin bò kote Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) ak entansyon poum antre nan Islam, epi li te pase mwen lòd poum pirifye tèt mwen ak dlo epi ak fèy sidr.

Daprè Qays bin Asim, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Mwen te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) avèk entansyon pou mwen anbrase Islam, epi li pasem lòd pou mwen fè yon beny pirifikasyon ak dlo ansanm ak fèy sidr.

أتيتُ النبيَّ صلى الله عليه وسلم أُريدُ الإسلامَ، فأَمَرَني أن أغتَسِلَ بماءٍ وسِدرٍ.

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
Sahih
Esplikasyon an

Kays bin Asim te vin jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pandan li te vle vin Mizilman, epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ba li lòd pou li benyen avèk dlo ak pye 'Sidr'; paske yo itilize fèy li yo pou netwaye, epi tou paske li gen yon bon sant.

Pami benefis Hadith la

Lejitimite benyen (lave kò nèt) pou mekreyan an lè li antre nan Islam.

Grandè Islam ak atansyon li pote sou kò a ak nanm nan ansanm.

Lè dlo melanje ak bagay ki pwòp, sa pa retire kapasite pirifikasyon li.

Pwodwi netwayaj modèn yo, tankou savon ak sa ki sanble ak li, pran plas sidr la.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (1/ 266) (355).

Sounna At-Tirmidhi (1/ 595) (605).

Sounna An-Nasa'i (1/ 109) (188).

Plis (3)

معالم السنن (1/111).

ذخيرة العقبى (4/131).

شرح سنن أبي داود للعباد (54/ 10).