Nenpòt moun ki fè yon sèman epi li di nan sèman li an : 'Mwen fè sèman sou Al-Lāt ak Al-‘Uzzā', se poul di : 'Lā ilāha illallāh' (Pa gen lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah). Epi nenpòt moun ki di zanmil : 'Vini pou nou jwe aza (parye)', se poul fè yon charite.
Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè ak li), li di: Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:
«Nenpòt moun ki fè sèman epi li di nan sèman li an: Sou non Al-Lat ak Al-Uzza, se pou li di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi nenpòt moun ki di zanmi li: Vini, an nou jwe aza, se pou li bay charite.»
«مَنْ حَلَفَ فَقَالَ فِي حَلِفِهِ: وَاللَّاتِ وَالعُزَّى، فَلْيَقُلْ: لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَمَنْ قَالَ لِصَاحِبِهِ: تَعَالَ أُقَامِرْكَ، فَلْيَتَصَدَّقْ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) avèti kont fè sèman sou non yon lòt (bagay oswa moun) ki pa Allah; paske kwayan an pa fè sèman esepte sou Allah, Epi li fè konnen ke nenpòt moun ki sèmante sou non yon lòt bagay ki pa Allah; tankou moun ki sèmante, pa egzanp: sou Al-Lat ak Al-Uzza -ki se 2 zidòl yo te konn adore nan epòk inyorans la anvan Islam- li dwe di poul korije tèt li: La ilaha illallah, pou li pran distans li ak chirk la (asosyasyon), epi kòm yon ekspyasyon pou sèman sa a li te fè a. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvril) fè konnen moun ki di zanmil: Vini pou nou jwe paryaj (Gamar/Maysir), - ki se yon jwèt aza kote 2 oswa plizyè moun ap fè konpetisyon sou yon lajan pou moun ki genyen an kapab pran li, epi chak moun ladan yo oblije swa ranpòte benefis la oswa pèdi pwòp lajan pal la -; li rekòmande pou li bay yon bagay kòm charite pou li kapab efase fot pou sa li te envitel vin fè a.
Moun pa dwe janm fè sèman (jire) sou anyen lòt pase sou Allah, sou Non Li yo, ak sou Kalite Li yo.
Li entèdi (haram) pou yon moun fè sèman sou nenpòt lòt bagay apa Allah ki Pi Wo a, kit se sèman sou zidòl tankou Al-Lāt ak Al-‘Uzzā, kit se sou lwayote (lamen sou kè), kit se sou Pwofèt la oswa nenpòt lòt bagay ankò.
Al-Khattabi te di: "Yon sèman dwe fèt sèlman sou non Sila a yap adore ki Egzalte a. Kidonk, si yon moun fè sèman sou Al-Lat ak sa ki sanble avè li yo, asireman li imite enkwayan yo, se poutèt sa li resevwa lòd poul repare sa avèk pawòl Tawhid la."
Pa gen okenn reparasyon pou sèman (Kaffarah) sou moun ki fè sèman sou yon lòt ki pa Allah, men pito, sa ki obligatwa pou li se tounen vin jwenn Allah epi mande padon; paske peche sa a twò gran pou nenpòt lòt bagay ta ka reparem Sèlman atravè repantans (Tawbah).
Jwèt aza entèdi nèt sou tout fòm ak tout fason li ka prezante; se sa yo rele Al-Maysir Allah ki Pi Wo a te entèdi a, epi Li te mete li nan menm ran ak alkòl ansanm ak zidòl.
Obligasyon pou yon moun fè bak (sispann epi repanti) touswit lè lap komèt yon peche.
Nenpòt moun ki tonbe nan yon move zak (peche) dwe fè yon bon zèv touswit aprèsa; paske bon zèv yo efase move zak yo.
Sahih Al-Bukhari (6/ 141) (4860).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1268) (1647).
Plis (4)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (2/1228).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (3/ 273).