Skip to content

Se pou lang ou toujou rete mouye nan rapèl Allah.

Daprè Abdullah ibn Busr (ke Allah satisfè de li), li te di: Gen yon mesye ki te vin bò kote Pwofèt la, epi li di: "O Mesaje Allah! Vrèman lwa Islam yo vin anpil pou nou, kidonk èske gen yon bagay konplè pou nou kenbe fèm ladan li?" Li di:

"«Se pou lang ou toujou rete mouye ak sonje Allah (Dhikr).»" Epi nan yon vèsyon: daprè Adit Mou'az bin Jabal la (ke Allah satisfè avèk li) : Dènye pawòl anvan mwen te kite Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), se te lè mwen te di li: Ki zèv ki pi bon epi ki pi prè Allah? Li te di: «Se pouw mouri pandan lang ou mouye ak rapèl Allah (Sila a ki Toupwisan epi ki Gen Tout Grandè a)».

«لاَ يَزَالُ لِسَانُكَ رَطْبًا مِنْ ذِكْرِ اللَّهِ». وفي رواية: مِنْ حَدِيثِ مُعَاذِ بْنِ جَبَلٍ رَضِيَ اللَّهُ عَنْهُ: آخِرُ مَا فَارَقْتُ عَلَيْهِ رَسُولَ اللَّهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَنْ قُلْتُ: أَيُّ الأَعْمَالِ خَيْرٌ وَأَقْرَبُ إِلَى اللَّهِ؟ قَالَ: «أَنْ تَمُوتَ وَلِسَانُكَ رَطْبٌ مِنْ ذِكْرِ اللَّهِ عَزَّ وَجَلَّ».

Se Ahmad, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ibn Hibban ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Yon Mesye te plenyen bay Pwofèt la ( lapè ak Benediksyon Allah pou li) ke aksyon adorasyon volontè yo te vin twòp pou li, jiskaske li pat kapab fè yo ankò akòz feblès li. Aprèsaa, li te mande Pwofèt la ( lapè ak Benediksyon Allah pou li) pou li montre li yon aksyon ki fasil, kap pote anpil rekonpans, pou li ka kenbe li fèm epi atache a li. Konsa, li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te gide li pou lang li toujou rete mouye epi an mouvman nan toujou sonje Allah (ki sen epi ki anwo nan syèl la) nan tout tan ak nan tout sitiyasyon; ki gen ladan li: Tasbih (ba li glwa), ak Tahmid (fè lwanj pou li), ak Istighfar (mande padon), ak Dou-a (lapriyè), ansanm ak lòt bagay ki sanble ak sa yo.

Pami benefis Hadith la

Merit nan toujou ap sonje Allah Toupwisan an.

Younn nan pi gwo favè Allah Granmèt la, se lè Li fasilite mwayen pou moun jwenn rekonpans.

Diferans ki genyen ant sèvitè yo nan sa yo jwenn nan zèv byen ak pyete.

Sonje Allah anpil ak lang lan, nan fè Tasbih (ba li glwa), ak Tahmid (fè lwanj pou li), ak Tahlil (rekonèt li sèl), ak Takbir (di "Allahu Akbar"), ansanm ak lòt bagay ankò, avèk yon kè ki prezan, sa pran plas anpil nan aksyon adorasyon siplemantè yo.

Fason li (Se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pran an konsiderasyon moun kap poze kesyon yo, lè li reponn chak moun daprè sa ki apwopriye pou li.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (5/ 318) (3375).

Sounna Ibn Majah (4/ 707) (3793).

Mousnad Ahmad (29/ 226) (17680).

Plis (8)

جامع العلوم والحكم في شرح خمسين حديثا من جوامع الكلم.

لابن رجب الحنبلي (2/ 510).

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص104).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للنووي وابن رجب (ص154).

الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.

لعبد الله بن صالح المحسن (ص93).