Pa gen okenn moun ki fè yon peche, epi li leve, li pirifye tèt li (fè ablisyon), li priye, epi li mande Allah padon, san ke Allah pa padone li.
Daprè Ali, li te di: Mwen te yon moun, lè mwen te tande yon adit Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), Allah te fèm benefisye li selon sa Li te vle poum benefisye a. Epi lè yon mesye pami konpanyon li yo te rakontem, mwen te konn fèl sèmante, epi si li sèmante ban mwen, mwen te kwè li. Epi vrèman, Abu Bakr te rakontem, epi Abu Bakr te di laverite, li te di: Mwen te tande Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki tap di:
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
«مَا مِنْ رَجُلٍ يُذْنِبُ ذَنْبًا، ثُمَّ يَقُومُ فَيَتَطَهَّرُ، ثُمَّ يُصَلِّي، ثُمَّ يَسْتَغْفِرُ اللهَ، إِلَّا غَفَرَ اللهُ لَهُ»، ثُمَّ قَرَأَ هَذِهِ الْآيَةَ: {وَالَّذِينَ إِذَا فَعَلُوا فَاحِشَةً أَوْ ظَلَمُوا أَنْفُسَهُمْ ذَكَرُوا اللهَ فَاسْتَغْفَرُوا لِذُنُوبِهِمْ} [آل عمران: 135].
Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen ke nenpòt sèvitè ki fè yon peche, epi li byen fè woudou, aprèsa li kanpe epi li fè 2 'Rakat ' ak entansyon pou li repanti pou peche li sa a, aprèsa li mande Allah padon, Allah ap padone li. Aprèsa , Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te resite pawòl li, Sila a ki egzalte a: "Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo - epi kiyès ki ka padone peche esepte Allah? - epi yo pa pèsiste nan sa yo te fè a, alòske yo konnen byen." [Al-Imrân: 135].
استحلفته: جعلته يقسم بأنه سمعه من النبي عليه الصلاة والسلام.
Ankourajman pou moun fè lapriyè epi mande padon aprè peche a.
Grandè padon Allah ki Gen Tout Pouvwa ak Grandè a, ak jan Li aksepte repantans ak mande padon.
Sounna Abou Dawoud (2/ 630) (1521).
Sounna At-Tirmidhi (1/ 431) (406).
As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (10/ 51) (11012).
Sounna Ibn Majah (2/ 403) (1395).
Mousnad Ahmad (1/ 179) (2).
Plis (2)
فتح الباري لابن حجر (11/ 99).
النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 674).