Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
Mwen te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Allah, Sila a ki Beni epi ki Trè Wo a, di: O pitit Adan! Toutotan ou priyem epi ou mete espwa ou nan Mwen, Map padone ou pou kèlkeswa sa ou te fè, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Menmsi peche ou yo ta rive jouk nan nwaj syèl la, epi aprèsa ou mandem padon, Map padone ou, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Anverite, si ou ta vin jwenn Mwen ak yon kantite peche ki prèske plen tè a, epi aprèsa ou rankontre Mwen san ou pa asosye anyen avèk Mwen, Map vin jwenn ou ak menm kantite padon an.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ki rapòte li
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
«Evite zak sal sa a Allah entèdi a. Donk, nenpòt moun ki tonbe ladan li,se pou li kache tèt li anba kouvèti Allah, epi se pou li repanti bay Allah; paske nenpòt moun ki devwale zak li devan nou, nap aplike Liv Allah a sou li.»
Sahih Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Bayhaqi.
«Sètènman, Allah (Toupwisan ak Majestye) lonje men Li pandan lannwit pou moun ki komèt peche pandan jounen an ka repanti, epi Li lonje men li pandan jounen an pou moun ki komèt peche pandan lannwit lan ka repanti, jiskaske solèy la leve nan lwès.»
Sahih Rapòte pa Mouslim