« O Allah, nenpòt moun ki vin responsab yon bagay nan zafè kominotem lan, epi li fè li difisil pou yo, tanpri rann lavi li difisil tou. Epi nenpòt moun ki vin responsab yon bagay nan zafè kominote mwen an, epi li aji avèk dousè/jantiyès anvè yo, tanpri aji avèk dousè/jantiyès anvè li tou. »
Soti nan Aïcha (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) ap di nan kay mwen an:
«O Allah! Nenpòt moun ki vin responsab nenpòt bagay nan zafè kominote mwen an, epi li rann li difisil , rann lavil difisil pou li tou, epi nenpòt moun ki vin responsab nenpòt bagay nan zafè kominote mwen an, epi li trete yo avèk dousè, trete li avèk dousè tou.»
«اللَّهُمَّ مَنْ وَلِيَ مِنْ أَمْرِ أُمَّتِي شَيْئًا فَشَقَّ عَلَيْهِمْ فَاشْقُقْ عَلَيْهِ، وَمَنْ وَلِيَ مِنْ أَمْرِ أُمَّتِي شَيْئًا فَرَفَقَ بِهِمْ فَارْفُقْ بِهِ».
Mesaje Allah a (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te fè yon siplikasyon kont nenpòt moun ki pran responsablite nan zafè Mizilman yo, kit li piti kit li gwo, e kit responsablite sa a se yon gwo fonksyon piblik oswa yon ti travay espesifik. Si moun sa a fè travay la difisil pou yo epi li pa aji avèk dousè avèk yo, Allah (ki gen tout pouvwa) ap rekonpansel daprè kalite aksyon li, yon fason pou Li rann lavil difisil tou. Epi, nenpòt moun ki aji avèk dousè avèk yo epi ki fasilite zafè yo, Allah ap aji avèk dousè avèk li epi lap fasilite zafè pal tou.
Li obligatwa pou nenpòt moun ki pran responsablite yon bagay nan afè Mizilman yo, pou li trete yo avèk dousè daprè kapasite li.
Rekonpans lan (oswa pinisyon an) toujou nan menm jan ak aksyon an.
Kritè pou sa yo konsidere kòm dousè oswa severite, se sa ki pa kontredi Liv la (Koran an) ak Sounna.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1458) (1828).
Plis (6)
فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (6/ 367).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 224).
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
للبسام (7/ 419).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- الدعوة إلى الله وأخلاق الدعاة«اللَّهُمَّ مَنْ وَلِىَ مِنْ أَمْرِ أُمَّتِى شَيْئاً فَشَقَّ عَلَيْهِمْ فاشْقُقْ عَلَيْهِ وَمَنْ وَلِىَ مِنْ أَمْرِ أُمَّتِى شَيْئاً فَرَفَقَ بِهِمْ فَارْفُقْ بِهِ »
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)التربية الأسلامية 1«اللهُمّ، منْ ولِي مِنْ أمْرِ أُمّتِي شيْئًا فشقّ عليْهِمْ، فاشْقُقْ عليْهِ، ومنْ ولِي مِنْ أمْرِ أُمّتِي شيْئًا فرفق بِهِمْ، فارْفُقْ بِهِ»