Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l): Mwen te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:
«Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa».
«الفِطْرَةُ خمسٌ: الخِتَانُ والاستحدادُ وقصُّ الشَّارِبِ وتقليمُ الأظفارِ وَنَتْفُ الآبَاطِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike 5 pratik nan relijyon Lislam ansanm ak tradisyon Mesaje yo: Premye a: Sikonsizyon, ki se koupe po anplis ki sou pati entim gason an ki anwo tèt pati a, epi koupe pwent po ki nan pati entim fi a ki anwo kote rapò a fèt la. Epi dezyèm nan: Istihdad la, ki se raze cheve nan pibyen an ki ozalantou pati entim devan an. Twazyèmman: Taye moustach, ki se taye plim ki pouse sou lèv siperyè gason an yon fason pou lèv la ka parèt. Katriyèm nan: Koupe zong. Epi senkyèm lan: Rache plim anba bra.
...:
Tradisyon mesaje yo ke Allah renmen, agreye, epi bay lòd pou swiv yo, envite moun nan pèfeksyon, nan entegrite (pirifikasyon) ak nan bèlte.
Li lejitim pou nou veye sou bagay sa yo, epi pou nou pa neglije yo.
Kalite (oswa abitid) sa yo gen avantaj nan relijyon an ak nan lavi sou latè, tankou: amelyore aparans moun, netwaye kò a, pran prekosyon pou moun toujou pwòp (pou rityèl yo), fè diferans ak moun ki pa kwayan yo, epi obeyi lòd Allah .
Yo mansyone nan lòt adit gen lòt aksyon anplis ki nan nati moun (Al-Fitra) apa 5 sa yo, tankou: kite bab pouse jan sa dwe fèt, siwak, ak lòt ankò.
Sahih Al-Bukhari (7/ 160) (5891).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 222) (257).
Plis (7)
عمدة الأحكام (ص44) (30).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 45).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص58).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (1/ 72).