Se sèten nou pral swiv tradisyon moun ki te la anvan nou yo, pa a pa(pye pou pye) , ak koud pa koud
Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Sètènman, nou pral swiv tras moun ki te vini anvan nou yo, pa a pa(pye pou pye) , koud pa koud, jouk nan pwen menm si yo ta antre nan yon twou leza, nou tap swiv yo.» Nou te mande: O Mesaje Allah, èske se Jwif yo ak Kretyen yo? Li reponn: «Kiyès lòt ankò?»
«لَتَتَّبِعُنَّ سَنَنَ الَّذِينَ مِنْ قَبْلِكُمْ، شِبْرًا بِشِبْرٍ، وَذِرَاعًا بِذِرَاعٍ، حَتَّى لَوْ دَخَلُوا فِي جُحْرِ ضَبٍّ لَاتَّبَعْتُمُوهُمْ» قُلْنَا: يَا رَسُولَ اللهِ آلْيَهُودَ وَالنَّصَارَى؟ قَالَ: «فَمَنْ؟».
Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap fè konnen ki jan sitiyasyon kèk moun nan kominote li a pral ye aprè epòk li a, ki se swiv chemen Jwif yo ak Kretyen yo nan kwayans yo, aksyon yo, abitid yo, ak tradisyon yo; yon swivi ki trè egzat e ki strik, pa a pa(pye pou pye)ak koud pa koud, jiskaske menm si yo ta antre nan twou yon zandolit, moun sa yo tap antre ladan dèyè yo.
قال فمن؟: استفهامٌ إنكاريٌّ أي: فمن هم غيرُ أولئك.
Se yon siy pami siy pwofesi li a, paske li te fè konnen sa anvan li te rive, epi li rive egzakteman jan li te fè konnen an.
Entèdiksyon pou mizilman yo chèche sanble ak moun ki pa kwè yo, kit se nan kwayans yo, oswa nan seremoni adorasyon pa yo, oswa nan fèt pa yo, oswa nan abiman espesyal pa yo.
Eksplike konsèp abstrè yo avèk egzanp konkrè se pami metòd ansèyman nan Islam.
Leza a : se yon bèt twou li fè nwa anpil epi li gen move sant. Li se pami reptil yo jwenn anpil nan dezè yo. Rezon ki fè yo chwazi twou leza a an patikilye: se akòz jan li ekstrèmman jis epi li nan yon move kondisyon. Epi malgre sa, — tèlman yap swiv tras yo epi yap imite fason yo aji — menm si yo ta antre nan yon move twou jis konsa, yo tap swiv yo tou! Epi se nan Allah nou chèche sekou.
Sahih Al-Bukhari (9/ 103) (7320).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2054) (2669).
Plis (4)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص213).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص193).