Skip to content

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te gen plis modesti ak rezèv pase yon jèn fi nan chanm prive li; lè li te wè yon bagay li pat renmen, nou te konn rekonèt sa touswit sou figi li.

Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), li te di:

"Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pi timid pase yon jèn fi vyèj nan chanm li, epi lè li te wè yon bagay li pat renmen, nou te konn rekonèt sa nan figi li."

كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَشَدَّ حَيَاءً مِنَ العَذْرَاءِ فِي خِدْرِهَا، فَإِذَا رَأَى شَيْئًا يَكْرَهُهُ عَرَفْنَاهُ فِي وَجْهِهِ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Abu Sa'id al-Khudri (se pou Allah satisfè avèk li) fè konnen ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te gen plis pidè pase yon jèn fi vyèj ki poko marye ni frekante gason, ki rete kache anndan lakay li. Epi tèlman li te gen gwo pidè, lè li pat renmen yon bagay, figil te konn chanje epi li pat konn pale, okontrè konpayon li yo te konn konprann mekontantman li pou bagay sa a nan gade figi li.

Siyifikasyon mo yo

العَذْرَاء: البكر، وهي الأنثى التي لم يمسها رجل، سميت به لبقاء عذرتها، وهي ما يكون من التحام في فم الرحم.

الخِدْر: ناحية في البيت يترك عليها ستر.

Pami benefis Hadith la

Eksplikasyon sou modesti Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te posede a, ki se yon karaktè ki gran anpil.

Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li) te gen respè ak wont pou sa ki mal toutotan yo pat vyole entèdiksyon Allah yo, men lè yo te vyole yo; li menm (lapè ak Benediksyon Allah sou li) te konn fache epi li te konn pase konpayon li yo lòd epi li te entèdi yo.

Ankouraje moun pou yo genyen modesti; paske li pouse moun nan fè sa ki byen epi kite sa ki mal.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 26) (6102).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1809) (2320).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 11).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (4/ 32).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 562).